Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Jacob continued on his journey and came to the land of the eastern peoples. Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.
2 He saw a well in the field, with three flocks lying beside it, since that well watered the flocks, and a large stone lay over its mouth. Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.
3 There all the flocks would gather; shepherds rolled the stone off the well's mouth, watered the sheep, then returned the stone to its place over the well's mouth. Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
4 Jacob said to them, "My brothers, where are you from?" "We are from Haran," they replied. Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan Charan.”
5 He asked them, "Do you know Laban, the son of Nahor?" "We know him," they answered. Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
6 Then he asked, "Is he well?" "He is well," they said. "Look—his daughter Rachel comes with the sheep." Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
7 "Look," Jacob said, "the day is still high, too soon to gather the herds. Water the sheep, then go graze them." Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
8 "We can't," they said, "until all the flocks gather and the stone is rolled off the well's mouth. Then we'll water the sheep." Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
9 While Jacob was still speaking with them, Rachel came with her father's flock, for she tended it. Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
10 When Jacob saw Rachel, daughter of Laban his mother's brother, and sheep of Laban his mother's brother, he approached, rolled the stone from the well's mouth, and watered the sheep of Laban his mother's brother. Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan.
11 Then Jacob kissed Rachel and wept aloud. Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.
12 Jacob told Rachel he was her father's relative, Rebekah's son. She ran and told her father. Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
13 As soon as Laban heard the news about Jacob his sister's son, he ran to meet him, hugged and kissed him, and brought him home. Jacob told Laban everything that had happened. Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.
14 Laban said to him, "You are indeed my bone and flesh." So Jacob stayed with him a full month. Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
15 Laban said to Jacob, "Should you serve me for free just because you're my relative? Tell me—what should your wages be?" Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
16 Now Laban had two daughters. The older was named Leah, and the younger was named Rachel. Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
17 Leah's eyes were dull, but Rachel was lovely in form and beautiful to look at. Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
18 Jacob loved Rachel and said, "I'll serve you seven years for your younger daughter Rachel." Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
19 Laban said, "Better that I give her to you than to another man. Stay here with me." Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.”
20 Jacob served seven years for Rachel; they felt like only a few days because he loved her. Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.
21 Jacob said to Laban, "Give me my wife—my time is complete—so I can go in to her." Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.”
22 So Laban gathered together all the men of the place and made a feast. Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
23 That evening he brought his daughter Leah to Jacob, and he was intimate with her. Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li.
24 And Laban gave his servant Zilpah to his daughter Leah as her servant. Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.
25 In the morning—it was Leah! Jacob said to Laban, "What have you done to me? Didn't I serve you for Rachel? Why did you deceive me?" Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
26 Laban replied, "It's not the custom here to give the younger before the firstborn. Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a.
27 Finish this one's bridal week, then we'll give you the other too—for another seven years of work." Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
28 Jacob did this, completed her week, and Laban gave him his daughter Rachel as his wife. Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li.
29 And Laban gave his servant Bilhah to his daughter Rachel as her servant. Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.
30 Jacob slept with Rachel too, and loved her more than Leah. He served Laban seven more years. Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
31 When our Father saw that Leah was unloved, he opened her womb; but Rachel was barren. Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
32 Leah conceived and bore a son, and named him Reuben, for she said, "Our Father has seen my suffering; surely now my husband will love me." Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”
33 She conceived again, bore a son, and said, "Because our Father heard I was unloved, he gave me this one too." So she named him Simeon. Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
34 She conceived again and bore a son, and said, "This time my husband will be joined to me, since I have borne him three sons." So he was named Levi. Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Lévi.
35 She conceived again and bore a son, and said, "This time I will praise our Father." So she named him Judah. Then she stopped bearing children. Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]