Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Isaac called Jacob, blessed him, and commanded him: "Take no wife from Canaan's daughters. Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.”
2 Go to Paddan-aram, to Bethuel's house, your mother's father, and take a wife there from Laban's daughters, your mother's brother. “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.
3 May El Shaddai—your Father Almighty—bless you, make you fruitful, multiply you, so you become a company of peoples. “Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.
4 May he give you and your offspring with you the blessing of Abraham, that you may inherit the land where you live as a foreigner, which our Father gave to Abraham." Ke li kapab osi bay ou benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”
5 Isaac sent Jacob away; he went to Paddan-aram, to Laban son of Bethuel the Aramean, brother of Rebekah, mother of Jacob and Esau. Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
6 Esau discovered that Isaac had blessed Jacob and sent him to Paddan-aram to take a wife from there, charging him as he blessed him, "Do not take a wife from Canaanite women," Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm, e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
7 and that Jacob had obeyed his father and his mother and had gone to Paddan-aram. epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.
8 So Esau saw that the daughters of Canaan were displeasing to his father Isaac. Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac.
9 So Esau went to Ishmael and took Mahalath, daughter of Ishmael son of Abraham and sister of Nebaioth, as a wife besides his other wives. Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
10 Jacob left Beersheba and set out toward Haran. Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan.
11 He reached a place and stayed the night, for the sun set. He took one of the stones of the place, put it under his head, and lay down in that place to sleep. Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.
12 He dreamed: there was a stairway set up on the earth, its top reaching heaven, and there were angels of our Father ascending and descending on it. Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.
13 And there above it stood our Father, who said, "I am your Father, the God of Abraham your father and of Isaac. I'll give you and your offspring the land you're lying on. Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.
14 Your offspring will be like the dust of the earth; you will spread west, east, north, and south. In you and in your offspring, all the families of the earth will be blessed. Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
15 Know this: I'm with you. I'll guard you wherever you go and bring you back to this land. I won't leave you until I've done what I promised you." “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
16 Jacob awoke from his sleep and said, "Surely our Father is in this place, and I didn't know!" Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.”
17 He was afraid and said, "How awesome is this place! This is none other than the house of our Father, and this is heaven's gate." Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
18 Jacob got up early, took the stone he'd put under his head, set it up as a pillar, and poured oil on top of it. Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a.
19 He named that place Bethel, though Luz had been the city's previous name. Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.
20 Jacob vowed, "If God is with me and guards me on this journey I'm taking, gives me bread to eat and clothing to wear, Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,
21 and I return safely to my father's house, then our Father will be my Father, pou m ka retounen lakay papa m anpè, pou SENYÈ a va Bondye pa m,
22 and this stone I've set up as a pillar will be the house of our Father, and of all you give me, I will surely bring you a tenth." alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]