Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Isaac grew old and his eyes were too dim to see, he called Esau his older son and said, "My son." "Here I am," he answered. Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”
2 Isaac said, "Look—I am old; I do not know the day of my death. Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye. Mwen pa konnen jou ke m ap mouri an.
3 Now take your gear—quiver and bow—go out to the field and hunt game for me. Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.
4 Then make me the tasty food I love, bring it to eat, so my soul may bless you before I die." Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”
5 Rebekah listened as Isaac spoke to his son Esau. Esau went out to the field to hunt game and bring it back. Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay,
6 Rebekah said to her son Jacob, "I heard your father tell your brother Esau, Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü. Li te di:
7 'Bring me game, make me a tasty meal to eat, so I may bless you before our Father before I die.' ‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
8 Now then, my son, listen to my voice and do exactly what I tell you. Alò, pou sa, fis mwen, koute lòd ke mwen pral ba ou a.
9 Go to the flock and get me two good young goats from there, so I can make your father tasty food, just as he loves. Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an.
10 Then take it to your father to eat, so that he may bless you before he dies." Konsa, ou va pote li bay papa ou, pou li kapab manje, pou li kapab beni ou avan ke li mouri”.
11 Jacob said to his mother Rebekah, "Look, Esau my brother is a hairy man, and I'm smooth. Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
12 What if my father feels me? I'll seem a deceiver to him, and bring on myself a curse, not a blessing." Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”
13 His mother said, "My son, let your curse fall on me—just listen to my voice: go, bring them to me." Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”
14 So Jacob went, took the goats, and brought them to his mother, who made the tasty food his father loved. Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.
15 Then Rebekah took Esau her older son's best clothes, kept with her in the house, and dressed Jacob her younger son. Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
16 She covered his hands and smooth neck with the goat skins. Li te mete po kabrit sou men li, ak nan pati kou li ki te swa.
17 Then she handed her son Jacob the tasty meal and the bread she had made. Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a.
18 Jacob came to his father and said, "My father." He said, "Here I am. Who are you, my son?" Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
19 Jacob said to his father, "I am Esau, your firstborn. I've done as you told me. Please sit up and eat my game, so your soul may bless me." Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
20 Isaac asked his son, "How did you find it so fast, my son?" He said, "Because your Father granted me success." Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
21 Isaac said to Jacob, "Please come closer, my son, so I can feel you, to know whether you really are my son Esau or not." Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
22 Jacob went to his father Isaac, who felt him and said, "The voice is Jacob's voice, but the hands are Esau's hands." Jacob te pwoche papa li. Li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
23 Isaac didn't recognize him, since Jacob's hands were as hairy as his brother Esau's hands, so Isaac blessed him. Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li.
24 He asked, "Are you really my son Esau?" And he said, "I am." Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te reponn: “Se Mwen.”
25 Isaac said, "Serve me my son's game, so my soul may bless you." Jacob served him, and he ate; he brought him wine, and he drank. Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.” Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè.
26 Then his father Isaac said to him, "Come closer, my son, and kiss me." Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.”
27 So Jacob came closer and kissed him. Isaac smelled the scent of his clothes, blessed him, and said, "See—the scent of my son is like the scent of a field that our Father has blessed. Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.
28 May our Father give you the dew of heaven and the richness of the earth, and an abundance of grain and new wine. Koulye a, ke Bondye kapab ba ou lawouze syèl la, ak grès tè a, anpil sereyal chan avèk diven nèf.
29 Let peoples serve you and nations bow to you. Rule your brothers, and let your mother's sons bow to you. Cursed be all who curse you, and blessed all who bless you." Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
30 Just as Isaac finished blessing Jacob, and Jacob had barely left his father Isaac's presence, his brother Esau returned from the hunt. Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
31 He also made a tasty dish, brought it to his father, and said to his father, "Let my father get up and eat some of his son's game, so your soul may bless me." Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”
32 His father Isaac asked him, "Who are you?" He said, "I am your son, your firstborn, Esau." Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?” Konsa, li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
33 Isaac shook violently and said, "Who, then, hunted game and brought it to me? I ate it all before you came and blessed him—yes, blessed he will be!" Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”
34 When Esau heard his father's words, he let out a very loud, bitter cry and said to his father, "Bless me too, my father!" Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
35 Isaac said, "Your brother came dishonestly and took your blessing." Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”
36 Esau said, "Isn't he rightly named Jacob? He's cheated me twice: he took my birthright, and now he's taken my blessing." Then he asked, "Haven't you reserved a blessing for me?" Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”
37 Isaac answered Esau, "Look, I have made him lord over you, given him all his brothers as servants, and sustained him with grain and new wine. What then can I do for you, my son?" Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
38 Esau said to his father, "Do you have only one blessing, my father? Bless me too, my father!" Esau wept aloud. Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.
39 Then his father Isaac replied to him, "Look—your dwelling will be away from the richness of the earth, and away from the dew of heaven above. Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li: “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la.
40 By your sword you will live, and you will serve your brother. But when you grow restless, you will break his yoke from your neck." Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li. Men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”
41 Esau bore a grudge against Jacob for the blessing his father gave him, and said to himself, "My father's mourning days are near; then I will kill my brother Jacob." Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
42 Told what her older son Esau had said, Rebekah sent for her younger son Jacob and said, "Your brother Esau is consoling himself over you—he intends to kill you. Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
43 Now, my son, listen to my voice: get up, flee to my brother Laban in Haran. Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
44 Stay with him a while—until your brother's fury subsides, Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese,
45 until your brother's anger turns from you and he forgets what you did to him. Then I'll send and bring you back from there. Why lose both of you in one day?" jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
46 Rebekah said to Isaac, "I loathe my life because of these Hittite women. If Jacob takes a wife from the daughters of Heth, from this land, why should I live?" Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]