Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now there was a famine in the land, besides the earlier famine that occurred in the days of Abraham. So Isaac went to Abimelech king of the Philistines, to Gerar. Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.
2 Our Father appeared to him and said, "Do not go down to Egypt; settle in the land that I will tell you about. Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.
3 Stay in this land, and I will be with you and bless you, for I will give all these lands to you and your offspring, and I will fulfill the oath that I swore to Abraham your father. Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
4 I will multiply your offspring like the stars in the sky and will give to your offspring all these lands, and through your offspring all the nations of the earth will be blessed, “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,
5 because Abraham obeyed my voice and kept my charge, my commandments, my statutes, and my laws." akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”
6 So Isaac settled in Gerar. Konsa, Isaac te viv Guérar.
7 The local men asked about his wife, and he answered, "She's my sister"—afraid to say "my wife," thinking, "The men here would kill me over Rebekah, since she's beautiful." Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
8 When Isaac had been there a long time, Abimelech king of the Philistines looked down through a window and saw Isaac caressing his wife Rebekah. Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.
9 So Abimelech summoned Isaac and said, "She is certainly your wife! How could you say, 'She is my sister'?" Isaac said to him, "Because I thought I might die because of her." Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
10 Abimelech said, "What have you done to us? One of the people might easily have slept with your wife, and you'd have brought guilt on us." Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
11 Abimelech ordered all the people, "Whoever touches this man or his wife will surely be put to death." Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
12 Isaac sowed in that land and reaped a hundredfold that year, because our Father blessed him. Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
13 The man grew rich and kept growing richer until he became very wealthy. Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès.
14 He had flocks and herds and a large household of servants, so that the Philistines envied him. Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
15 The Philistines had filled in every well his father's servants dug in his father Abraham's days. Alò, tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
16 Abimelech said to Isaac, "Leave us—you've grown far too strong for us." Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou twò fò pou nou.”
17 So Isaac left there and camped in the Valley of Gerar, and he settled there. Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la.
18 Isaac redug the water wells dug in his father Abraham's days, which the Philistines plugged after Abraham died, and called them by the names his father had called them. Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
19 But when Isaac's servants dug in the valley and found there a well of fresh spring water, Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen,
20 Gerar's herders argued with Isaac's herders, saying, "The water is ours." He named the well Esek, for they argued with him. bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
21 Then they dug another well, and they quarreled over that one too, so he named it Sitnah. Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna.
22 From there he moved and dug another well; they did not quarrel over it, so he named it Rehoboth, saying, "Now our Father has made room for us; we will be fruitful in the land." Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
23 From there he went up to Beersheba. Alò, li te kite la pou monte Beer-Schéba.
24 That night our Father appeared to him and said, "I am the God of your father Abraham. Don't be afraid, for I am with you. I will bless you and multiply your offspring, for my servant Abraham's sake." SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
25 There he built an altar and called on the name of our Father, pitched his tent, and there Isaac's servants dug a well. Konsa, li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
26 Abimelech came to him from Gerar with Ahuzzath his adviser and Phicol, head of his army. Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a.
27 Isaac said to them, "Why come to me, since you hated me and sent me away from you?" Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?”
28 They said, "We clearly saw that God has been with you, so we said, 'Let there be an oath between us—between you and us—and let us make a covenant with you, Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,
29 that you'll do us no harm—just as we didn't touch you but did you only good—and sent you away in peace. You are now blessed by God.'" ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”
30 So Isaac made them a feast, and they ate and drank. Alò, li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
31 Early the next morning they swore an oath to each other; Isaac sent them off, and they left him in peace. Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
32 That day Isaac's servants came and told him about the well they'd dug and said, "We found water!" Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
33 So he named it Shibah; therefore the name of the city is Beersheba to this day. Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la Beer-Schéba jis rive jodi a.
34 At forty, Esau married Judith daughter of Beeri the Hittite, and Basemath daughter of Elon the Hittite. Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an.
35 And they were a source of grief to Isaac and Rebekah. Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]