Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Abraham married another wife, whose name was Keturah. Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura.
2 She gave birth to Zimran, Jokshan, Medan, Midian, Ishbak, and Shuah. Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.
3 Jokshan fathered Sheba and Dedan. The sons of Dedan were the Asshurites, the Letushites, and the Leummites. Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim.
4 Midian's sons: Ephah, Epher, Hanoch, Abida, and Eldaah—all sons of Keturah. Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
5 Abraham gave all that he had to Isaac. Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;
6 Abraham gave gifts to the sons of his concubines, then sent them away from his son Isaac while he was still alive, eastward to the east country. men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
7 Abraham lived 175 years in all. Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.
8 Abraham breathed his last, dying at a good old age, an old man full of years, and joined his people. Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
9 His sons Isaac and Ishmael buried him in the cave of Machpelah, in Ephron son of Zohar the Hittite's field near Mamre. Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,
10 The field that Abraham had bought from the Hittites. There Abraham was buried, with Sarah his wife. chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.
11 After the death of Abraham, our Father blessed his son Isaac. And Isaac settled near Beer-lahai-roi. Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
12 This is the family record of Ishmael, Abraham's son, whom Hagar the Egyptian, Sarah's servant, bore to Abraham. Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;
13 These are the names of Ishmael's sons, by name, in birth order: Nebaioth, Ishmael's firstborn, then Kedar, Adbeel, Mibsam, epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam,
14 Mishma, Dumah, Massa, Mischma, Duma, Massa,
15 Hadad, Tema, Jetur, Naphish, and Kedemah. Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma.
16 These are Ishmael's sons, these their names by their villages and encampments—twelve princes according to their tribes. Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo.
17 Ishmael lived 137 years, then breathed his last, died, and joined his people. Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
18 They settled from Havilah to Shur, east of Egypt toward Assyria; Ishmael lived in hostility toward all his relatives. Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
19 This is the family line of Isaac, Abraham's son: Abraham fathered Isaac. Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
20 Isaac was forty years old when he married Rebekah, daughter of Bethuel the Aramean of Paddan-aram, sister of Laban the Aramean. Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
21 Isaac prayed to our Father for his wife, since she was barren; our Father granted it, and his wife Rebekah conceived. Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
22 But the children struggled together within her, and she said, "If this is how it is, why is this happening to me?" So she went to ask our Father. Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.
23 And our Father said to her: "Two nations are in your womb; two peoples from within you will be divided: one will be stronger than the other, and the older will serve the younger." SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
24 When the time came for her to give birth, there were twins in her womb! Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li.
25 The first came out red, his whole body like a hairy garment; so they named him Esau. Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.
26 Then his brother came out, with his hand grasping Esau's heel, so he was named Jacob. Isaac was sixty years old when she bore them. Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
27 The boys grew up. Esau became a skilled hunter, a man of the field; Jacob was quiet, living in tents. Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
28 Isaac loved Esau, because he had a taste for wild game, but Rebekah loved Jacob. Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
29 Jacob was cooking stew when Esau came in from the field, and he was famished. Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil.
30 Esau said to Jacob, "Let me gulp down this red stew—I'm famished!" That's why he was named Edom. Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
31 Jacob said, "Sell me your birthright now." Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
32 Esau said, "Look, I am about to die; what good is a birthright to me?" Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
33 Jacob said, "Swear to me first." So he swore to him and sold his birthright to Jacob. Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
34 Jacob gave Esau bread and lentil stew; he ate, drank, got up, and left—Esau despised his birthright. Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]