Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now Abraham was old, well advanced in years, and our Father had blessed Abraham in everything. Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
2 Abraham said to his oldest servant, who managed all he owned, "Please put your hand under my thigh, Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen.
3 I will have you swear by the Father of heaven and earth, not to take a wife for my son from the Canaanites' daughters, among whom I live, Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
4 but go to my country and relatives, and get a wife for my son Isaac." men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
5 The servant asked him, "What if the woman won't follow me to this land? Must I take your son back to the land you left?" Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
6 Abraham said to him, "See to it that you do not take my son back there. Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la!
7 Our Father, the Father of heaven, who took me from my father's house and the land of my relatives, who spoke to me and swore to me, 'I will give this land to your offspring'—he will send his angel ahead of you, and you will take a wife for my son from there. SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
8 But if she won't follow you, you're released from this oath of mine; only don't take my son back there." Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou va lib de sèman pa m nan, Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.”
9 The servant put his hand under Abraham his master's thigh and swore to him about this. Alò, sèvitè a te plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a.
10 The servant took ten of his master's camels, and all his master's good things in hand, and set out for Aram-naharaim, the city of Nahor. Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.
11 He had the camels kneel outside the city by the water well at evening, when women go out to draw water. Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.
12 Then he prayed, "Father of my master Abraham, please grant me success today, and show your faithful love to my master Abraham. Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
13 Here I stand by the spring of water, and daughters of the town's men are coming out to draw water. Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo.
14 Let the young woman I say this to—'Please tip your jar so I may drink'—and who answers, 'Drink, and I will water your camels too'—be the one you have appointed for your servant Isaac. That is how I will know you have shown faithful love to my master." Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
15 Before he finished speaking, Rebekah came out—daughter of Bethuel, son of Milcah, wife of Nahor, Abraham's brother—her jar on her shoulder. Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.
16 The girl was very beautiful, a virgin no man had known. She went down to the spring, filled her jar, and came up. Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.
17 The servant ran to meet her, saying, "Please let me sip a little water from your jar." Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
18 "Drink, my lord," she said, and quickly lowered her jar from her shoulder and gave him a drink. Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè.
19 When she finished giving him a drink, she said, "I'll draw water for your camels too, until they finish drinking." Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”.
20 She quickly emptied her jar into the trough, ran again to the well, and drew water for all his camels. Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.
21 The man watched her silently, to know if our Father made his journey succeed, or not. Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
22 When the camels finished drinking, the man took a gold nose ring weighing about a fifth of an ounce, and two gold bracelets for her wrists weighing about four ounces, Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,
23 and said, "Whose daughter are you? Please tell me, is there room in your father's house for us to spend the night?" epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
24 She answered him, "I am the daughter of Bethuel, the son Milcah bore to Nahor." Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.”
25 She also said, "We have plenty of both straw and feed, and room to spend the night." Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”.
26 Then the man bowed down and worshiped our Father. Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a.
27 He said, "Blessed be our Father, the Father of my master Abraham, who has not abandoned his faithful love and faithfulness toward my master. As for me, he led me on the journey to my master's relatives' house." Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
28 Then the young woman ran and told her mother's household about these things. Alò, fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo.
29 Now Rebekah had a brother named Laban, and Laban ran out to the man at the spring. Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.
30 Seeing the nose ring and bracelets on his sister's wrists, and hearing his sister Rebekah say, "The man told me this," he went out to the man—there he was, standing by the camels at the spring. Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
31 He said, "Come in, blessed of God. Why stand outside? I've prepared the house and a place for the camels." Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
32 The man entered the house, and the camels were unloaded. Straw and feed were given to the camels, and water to wash his feet and the feet of the men with him. Alò, mesye a te antre nan kay la. Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo.
33 Food was set before him, but he said, "I won't eat until I've said what I have to say." "Go on," said Laban. Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” Laban te di: “Pale toujou”.
34 So he said, "I am Abraham's servant. Li te di: “Mwen se sèvitè Abraham.
35 Our Father has greatly blessed my master and made him wealthy, giving him flocks, herds, silver, gold, male and female servants, camels, and donkeys. SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
36 Sarah, my master's wife, bore him a son in her old age; Abraham has given Isaac all he owns. Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede.
37 My master made me swear, 'Don't take a wife for my son from the Canaanite women whose land I live in, Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la,
38 but go to my father's house, to my relatives, and take a wife for my son.' men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’
39 I said to my master, 'Perhaps the woman will not follow me.' “Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
40 But he said to me, 'Our Father, before whom I have walked, will send his angel with you and make your journey succeed, and you will take a wife for my son from my clan and from my father's house. “Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.
41 Then you'll be free of my oath once you reach my family; if they refuse to give her to you, you'll be free of my oath.' Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a,ou va lib de sèman mwen an.’
42 Today when I came to the spring, I said, 'Father of my master Abraham, if you will make my journey succeed, “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi.
43 here I am, standing by the spring of water. So when a young woman comes out to draw water and I say to her, "Please give me a little water from your jar to drink," Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”,
44 and she says to me, "Drink, and I'll draw water for your camels too"—let her be the woman our Father appointed for my master's son.' epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
45 Before I finished praying in my heart, Rebekah came out, her jar on her shoulder, went down to the spring, and drew water. I said to her, 'Please let me drink.' “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
46 Quickly lowering her jar from her shoulder, she said, 'Drink—I'll water your camels too.' So I drank, and she watered the camels too. “Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
47 I asked, 'Whose daughter are you?' She said, 'Bethuel's daughter, son of Nahor, whom Milcah bore him.' Then I put the ring on her nose and the bracelets on her wrists. “Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
48 I bowed and worshiped our Father, and blessed the Father of my master Abraham, who led me on the true path to take the daughter of my master's relative for his son. “Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li.
49 Now, if you will deal in faithful love and truth with my master, tell me; if not, tell me, so I can turn right or left." Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”
50 Laban and Bethuel answered, "This is from God; we can't say good or bad. Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
51 Rebekah is before you; take her and go—let her be your master's son's wife, as our Father has spoken." Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
52 When Abraham's servant heard their words, he bowed down to the ground before our Father. Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a.
53 The servant brought out silver and gold objects and clothing, gave them to Rebekah, and gave costly gifts to her brother and mother. Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.
54 He and the men with him ate, drank, and spent the night there. In the morning they rose, and he said, "Send me to my master." Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”
55 But her brother and her mother said, "Let the young woman stay with us ten days or so; then she may go." Men frè li avèk manman li te di: “Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”.
56 But he said, "Don't delay me—our Father has made my journey succeed. Send me away, let me go to my master." Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
57 They said, "Let us call the young woman and ask her about it." Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”:
58 They called Rebekah and asked, "Will you go with this man?" "I will go," she said. Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
59 So they sent off their sister Rebekah and her nurse, along with Abraham's servant and his men. Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
60 They blessed Rebekah, saying, "Our sister, may you become mother of thousands upon thousands; may your offspring capture the cities of those who hate them." Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
61 Rebekah and her attendants got up, mounted the camels, and followed the man. So the servant took Rebekah and went on. Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
62 Now Isaac had come from Beer-lahai-roi, for he was living in the Negev. Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
63 Isaac went out to meditate in the field at evening; looking up, he saw camels coming. Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.
64 Rebekah also looked up, and when she saw Isaac, she got down from her camel. Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
65 She asked the servant, "Who is that man walking across the field to meet us?" "My master," he answered. So she took her veil and covered herself. Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
66 Then the servant told Isaac everything he had done. Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè.
67 Isaac brought her into his mother Sarah's tent, married Rebekah, and loved her. So Isaac was comforted after his mother's death. Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]