Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now our Father visited Sarah, just as he had said, and did for her what he had promised. Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
2 Sarah conceived, bore Abraham a son in his old age, at the set time our Father had promised him. Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a.
3 Abraham named the son Sarah had borne him Isaac. Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac.
4 Abraham circumcised his son Isaac at eight days old, as our Father had commanded him. Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a.
5 Abraham was one hundred years old when his son Isaac was born to him. Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
6 Sarah said, "our Father made me laugh; everyone who hears will laugh with me." Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
7 She added, "Who would have told Abraham that Sarah would nurse children? Yet I've borne him a son in his old age." Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”
8 The child grew and was weaned; the day Isaac was weaned, Abraham threw a great feast. Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
9 But Sarah saw the son whom Hagar the Egyptian had borne to Abraham, and he was mocking. Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l.
10 She said to Abraham, "Drive out this slave woman and her son; this slave woman's son will never inherit with my son Isaac." Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
11 This troubled Abraham deeply, because it concerned his son. Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a.
12 But our Father said to Abraham, "Don't be upset about the boy and your slave woman. Listen to Sarah in all she tells you, for your offspring will be named through Isaac. Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
13 I will also make the slave woman's son a nation, since he is your offspring." Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”
14 Early next morning Abraham took bread and a skin of water, gave them to Hagar, put them on her shoulder along with the child, and sent her away. She left and wandered the wilderness of Beersheba. Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.
15 When the water in the waterskin was gone, she put the boy under one of the bushes. Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab.
16 She went and sat down about a bowshot away, for she said, "I can't watch the boy die." Then she sat there, lifted her voice, and wept. Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
17 Our Father heard the boy's voice; his messenger called to Hagar from heaven: "What's wrong, Hagar? Don't be afraid—our Father has heard the boy's voice where he lies. Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.
18 Get up, lift the boy and take him by the hand, for I will make him a great nation." Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”
19 Then our Father opened her eyes; she saw a well of water, went and filled the waterskin, then gave the boy a drink. Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
20 Our Father was with the boy as he grew up. He lived in the wilderness and became an archer. Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè.
21 He lived in the wilderness of Paran, and his mother got him a wife from Egypt. Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
22 At that time, Abimelech and Phicol, commander of his army, said to Abraham, "God is with you in all you do. Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
23 Now swear to me here by God that you won't betray me, my children, or my descendants. Show me and this land where you've lived as a foreigner the same kindness I've shown you." Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
24 Abraham said, "I swear it." Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
25 Then Abraham complained to Abimelech about a well of water that Abimelech's servants had seized. Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.
26 Abimelech replied, "I don't know who did this. You didn't tell me, and I only heard of it today." Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”
27 Abraham took sheep and cattle and gave them to Abimelech, and the two made a covenant. Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò.
28 Abraham set apart seven ewe lambs from the flock, Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo.
29 and Abimelech asked Abraham, "What is the meaning of these seven ewe lambs you have set apart?" Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”
30 He replied, "Accept these seven ewe lambs from me as proof that I dug this well." Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”
31 So that place was called Beersheba, because there the two of them swore an oath. Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.
32 So they made a covenant at Beersheba. Then Abimelech and Phicol, his army commander, returned to Philistine land. Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.
33 Abraham planted a tamarisk in Beersheba, and there he called on the name of our Father, El Olam—our everlasting Father. Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.
34 And Abraham stayed in the land of the Philistines for a long time. Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]