Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Some time later, our Father tested Abraham. He said to him, "Abraham!" "Here I am," Abraham replied. Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
2 Then our Father said, "Take your son, your only son, whom you love—Isaac. Go to the land of Moriah and offer him there as a burnt offering on one of the mountains I will name." Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
3 Early next morning Abraham saddled his donkey, took two of his young men and his son Isaac, split the wood for the burnt offering, and set out for the place our Father had told him about. Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
4 On the third day Abraham looked up and saw the place in the distance. Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans.
5 He told his young men, "Stay here with the donkey. The boy and I will go over there, worship, and return to you." Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
6 Abraham took the burnt offering wood and laid it on his son Isaac, carrying the fire and knife himself. The two walked on together. Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
7 Isaac said to his father Abraham, "My father?" "Here I am, my son," Abraham replied. "The fire and wood are here," Isaac said, "but where is the lamb for the burnt offering?" Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
8 Abraham answered, "Our Father himself will provide the lamb for the burnt offering, my son." And the two walked on together. Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
9 When they reached the place our Father had told him about, Abraham built the altar, arranged the wood, tied up his son Isaac, and laid him on the altar atop the wood. Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.
10 Then Abraham reached out his hand and took the knife to kill his son. Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
11 But our Father's messenger called to him from heaven, "Abraham! Abraham!" "Here I am," he answered. Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Li te reponn: “Men mwen isit la.”
12 "Don't lay a hand on the boy," he said. "Do nothing to him. Now I know you fear me, since you haven't held back your son, your only son, from me." Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
13 Abraham looked up and saw a ram behind him, caught by its horns in a thicket. He went, took the ram, and offered it as a burnt offering instead of his son. Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.
14 Abraham named that place "The Father Will Provide," meaning "our Father will provide." To this day it is said, "On his mountain it will be provided." Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
15 The messenger of our Father called to Abraham from heaven a second time, Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la,
16 and said, "I swear by myself, declares our Father: because you have done this and not held back your son, your only son, e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
17 I will surely bless you and surely multiply your offspring like the stars of the sky and the sand on the seashore. Your offspring will possess the gate of his enemies, anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.
18 and through your offspring all nations of the earth will be blessed, because you obeyed my voice." Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
19 Abraham returned to his young men, and they set out together for Beersheba. Abraham settled in Beersheba. Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
20 Some time later, Abraham was told, "Milcah too has borne sons to your brother Nahor: Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:
21 Uz the firstborn, Buz his brother, Kemuel (the father of Aram), Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan
22 Chesed, Hazo, Pildash, Jidlaph, and Bethuel." epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”
23 Bethuel became the father of Rebekah. These were the eight sons Milcah bore to Nahor, Abraham's brother. Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.
24 Nahor's concubine, whose name was Reumah, also bore children: Tebah, Gaham, Tahash, and Maacah. Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]