Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Abraham traveled from there to the Negev, settled between Kadesh and Shur, and lived as a foreigner in Gerar. Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan Guérar.
2 Abraham said of Sarah, his wife, "She is my sister." So Abimelech king of Gerar sent for her and took Sarah. Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.
3 But our Father came to Abimelech in a dream that night: "You are as good as dead because of the woman you took, for she is a married woman." Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
4 Abimelech had not gone near her. He said, "Sovereign God, would you destroy even an innocent nation? Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot?
5 Didn't he himself tell me, 'She's my sister'? And she herself also said, 'He's my brother.' I did this with a sincere heart and innocent hands." Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
6 Then our Father said to him in the dream, "Yes, I know you did this with integrity of heart, and I have kept you from sinning against me—that's why I didn't let you touch her. Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.
7 Now return the man's wife, for he's a prophet who will pray for you, and you'll live. If you don't return her, know you will surely die, you and all who are yours." Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
8 Abimelech rose early that morning, called all his servants, and told them all that had happened; the men were badly frightened. Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.
9 Abimelech summoned Abraham and asked, "What have you done to us? How did I sin against you, that you brought a great sin on me and my kingdom? You've done to me what should never be done." Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:
10 Abimelech also said to Abraham, "What did you have in mind, that you did such a thing?" Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
11 Abraham said, "I thought: surely there's no fear of our Father here, and they will kill me for my wife." Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.
12 Besides, she truly is my sister, my father's daughter but not my mother's, and she became my wife. Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen.
13 When our Father made me wander from my father's house, I told her: Show me this kindness—wherever we go, say of me, "He is my brother." Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”
14 Abimelech took sheep, cattle, and male and female servants, gave them to Abraham, and returned Sarah his wife to him. Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
15 Abimelech said, "My land is open to you; settle wherever you please." Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”
16 And to Sarah he said, "Look, I am giving your brother 1,000 pieces of silver. This is to cover the wrong done to you in the eyes of all who are with you; before everyone you are fully cleared." A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”
17 Abraham prayed to our Father, who healed Abimelech, his wife, and his female servants, so they could bear children again, Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.
18 for our Father had completely closed up every womb in Abimelech's household because of Sarah, Abraham's wife. Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]