Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The two angels came to Sodom that evening; Lot sat at Sodom's gate. Seeing them, he rose to meet them and bowed, face to the ground. Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.
2 "Please, my lords," he said, "stop at your servant's house, spend the night, wash your feet; rise early and go your way." "No," they said, "we'll spend the night in the square." Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
3 He pressed them hard, so they turned aside to him, entered his house. He made them a feast, baked bread without yeast, and they ate. Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.
4 Before they lay down, the men of the city—Sodom's men—young and old, all the people, without exception, surrounded the house. Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo.
5 They called to Lot, "Where are the men who came to you tonight? Bring them out—let us have sex with them." Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”
6 Lot went out to them at the entrance, shutting the door behind him, Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l.
7 and said, "Please, my brothers, don't do evil. Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste.
8 I have two daughters who've never been with a man. I'll bring them out to you—do to them as you please. But do nothing to these men; they've come under my roof's protection." Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”
9 They said, "Get back!" Then, "This outsider came to stay, and now he judges us? We'll treat you worse than them." They pressed hard against Lot and moved in to break down the door. Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.
10 But the men reached out, pulled Lot into the house with them, and shut the door. Men mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la.
11 They struck the men at the house door blind, small to great, till they wore themselves out searching for the door. Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.
12 The men said to Lot, "Who else do you have here—son-in-law, sons, daughters, anyone in the city who's yours? Bring them out of this place. Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a,
13 We're about to destroy this place - the outcry against its people has grown great before our Father, and our Father sent us to destroy it." paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
14 Lot went out and spoke to his sons-in-law, betrothed to his daughters: "Get up, leave this place—our Father is about to destroy the city!" Yet his sons-in-law took it as a joke. Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
15 At dawn the angels urged Lot: "Get up, take your wife and two daughters here, or you'll be consumed in the city's punishment." Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”
16 He hesitated, so the men grabbed his hand, his wife's, and two daughters', our Father pitying him, and they brought him out and left him outside the city. Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.
17 When they were brought outside, one of them said, "Run for your life! Don't look back or stop anywhere in the valley. Flee to the hills, or you'll be swept away." Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”
18 But Lot said to them, "No, please, my Sovereign Father. Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo!
19 Your servant has found favor with you; you've shown great kindness saving my life. But I can't flee to the hills—disaster will catch me and I'll die. Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri.
20 Please—that town is near, small enough to run to. Let me escape there—isn't it small?—so I may live." Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”
21 He said to him, "I grant this favor too: I won't overthrow the town you mentioned. Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.
22 Hurry, flee there—I can do nothing until you arrive." That's why the town is named Zoar. Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.
23 The sun had risen over the land when Lot reached Zoar. Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar.
24 Then our Father rained sulfur and fire out of heaven on Sodom and Gomorrah. Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.
25 He destroyed those cities, the whole plain, all the cities' residents, and everything growing on the ground. Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a.
26 But Lot's wife looked back from behind him, and she became a pillar of salt. Men madanm li ki te dèyè li te gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.
27 Early the next morning Abraham went to the place where he had stood before our Father. Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a,
28 He looked toward Sodom, Gomorrah, and the whole plain, and saw smoke rising from the land like smoke from a kiln. epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout teren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.
29 When our Father destroyed the plain's cities, our Father remembered Abraham and brought Lot out of the overthrow of the cities where Lot lived. Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.
30 Lot went up from Zoar to live in the mountains with his two daughters, afraid to stay in Zoar; he and his two daughters lived in a cave. Lot te kite Tsoar e monte. Li te rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo.
31 The firstborn told the younger, "Our father is old; no man remains in the land to sleep with us, as is customary everywhere. Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a.
32 Come, let's give our father wine, then sleep with him, and keep offspring alive through our father." Vini, annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.”
33 That night they gave their father wine; the firstborn went in and lay with him. He never knew when she lay down or rose. Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
34 Next day the firstborn said to the younger, "I slept with my father last night. Let's give him wine again tonight—go sleep with him, so we preserve offspring from our father." Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.”
35 That night too they had their father drink wine; the younger got up and slept with him, and he did not know when she lay down or when she got up. Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
36 So both of Lot's daughters became pregnant by their father. Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo.
37 The firstborn bore a son, named him Moab—father of the Moabites to this day. Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.
38 The younger also had a son and named him Ben-Ammi—father of the Ammonites to this day. Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]