Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now our Father appeared to Abraham at the oaks of Mamre while he sat at his tent's entrance in the day's heat. Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant la nan chalè jounen an.
2 He looked up and saw three men standing near him. Seeing them, he ran from his tent entrance to meet them and bowed to the ground. Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
3 He said, "My Sovereign Father, if I have found favor with you, please don't pass by your servant. Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.
4 Let a little water be brought to wash your feet and rest under the tree. Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a.
5 Let me bring a piece of bread so you can refresh yourselves before you go on, since you've come to your servant." They said, "Do as you've said." Konsa, mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”
6 Abraham hurried into the tent to Sarah and said, "Quick, take about twenty-five pounds of fine flour, knead it, and make bread." Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”
7 Abraham ran to the herd, took a tender, good calf, and gave it to the servant, who hurried to prepare it. Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li.
8 He took curds, milk, and the calf that had been prepared, set them before the men, then stood by them under the tree while they ate. Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.
9 They asked him, "Where is Sarah your wife?" "There, in the tent," he said. Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”.
10 Then our Father said, "I will certainly return to you at this time next year, and Sarah your wife will have a son." Sarah listened at the tent entrance behind him. Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.
11 Abraham and Sarah were old, advanced in years; Sarah had stopped menstruating. Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit.
12 Sarah laughed within herself, saying, "After I'm worn out, will I have pleasure, my lord being old too?" Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”
13 Then our Father said to Abraham, "Why did Sarah laugh, saying, 'Will I really bear a child, old as I am?' Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
14 Is anything too hard for your Father? I will return to you at the appointed time next year, and Sarah will have a son." “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
15 Sarah denied it, saying, "I didn't laugh," for she was afraid. He said, "No, you did laugh." Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”
16 The men set out from there and looked down toward Sodom, and Abraham walked with them to see them off. Alò, mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale.
17 Now our Father said, "Will I hide from Abraham what I am about to do, SENYÈ a te di: “Èske Mwen kab kache Abraham sa ke M prè pou M fè a,
18 since Abraham will surely become a great and mighty nation, and all earth's nations will be blessed through him? paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni?
19 For I have chosen him, so that he will direct his children and his household after him to keep my way by doing what is right and just, so that I may fulfill what I have promised Abraham." Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
20 Then our Father said, "The cry against Sodom and Gomorrah is great, and their sin very serious, Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase.
21 that I will go down and see whether they have done entirely as the outcry reaching me claims; if not, I will know." Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
22 So the men turned from there and went toward Sodom, while Abraham remained standing before our Father. Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
23 Then Abraham drew near and said, "Will you really sweep away the righteous along with the wicked? Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo?
24 Suppose fifty righteous are in the city—will you really sweep it away, not sparing the place for the sake of the fifty righteous in it? Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
25 Far be it from you to kill the righteous with the wicked, treating them alike! Far be it from you! Won't the Judge of all the earth do justice?" “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
26 Our Father said, "If I find fifty righteous within the city of Sodom, I'll spare the whole place for them." Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
27 Abraham said, "I have dared to speak to my Sovereign Father, though only dust and ashes. Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.
28 Suppose the fifty righteous lack five. Will you destroy the whole city for five?" And our Father said, "I won't destroy it if I find forty-five there." Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
29 He spoke to him again: "Suppose forty are found there." He said, "For forty's sake I won't do it." Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
30 Abraham said, "May my Sovereign Father not be angry, and let me speak. Suppose thirty are found there." He said, "I will not do it if I find thirty there." Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
31 Abraham said, "Since I have dared to speak to my Sovereign Father, suppose only twenty are found there." He said, "For twenty's sake, I will not destroy it." Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
32 Then he said, "May my Sovereign Father not be angry, let me speak just once more: suppose only ten are found there." And our Father said, "For ten's sake, I will not destroy it." Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
33 When our Father finished speaking with Abraham, he left; Abraham returned to his place. Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]