Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Abram was ninety-nine years old, our Father appeared to him and said, "I am El Shaddai—your Father Almighty. Walk before me and be blameless. Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.
2 And I will make my covenant between me and you, and I will multiply you exceedingly." Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
3 Then Abram fell on his face, and our Father spoke with him, saying: Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di:
4 "As for me, my covenant is with you, and you will become father of a multitude of nations. “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.
5 Your name will no longer be Abram, but Abraham, for I have made you father of a multitude of nations. Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
6 I will make you extremely fruitful; I will turn you into many nations, and kings will come from you. “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.
7 I will establish my covenant between me and you and your descendants after you, for all generations—an everlasting covenant—to be Father to you and your descendants after you. “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.
8 I will give you and your descendants after you the land where you live as a foreigner—all the land of Canaan—as an eternal possession; and I will be their Father." “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
9 Then our Father said to Abraham, "As for you: keep my covenant, you and your children after you, throughout their generations. Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon.
10 This is my covenant to keep, between me and you and your descendants after you: every male among you must be circumcised. Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
11 Circumcise the flesh of your foreskin; it will be the sign of the covenant between me and you. “ “Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou.
12 Every male among you, generation after generation, must be circumcised at eight days old—whether born in your house or bought with silver from a foreigner not your own offspring. Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo.
13 Everyone born in your house or bought with your money must be circumcised. My covenant will be in your flesh, an everlasting covenant. Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan.
14 Any uncircumcised male not circumcised in his foreskin's flesh will be cut off from his people—he has broken my covenant." Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”
15 Then our Father said to Abraham, "Don't call your wife Sarai anymore—her name is Sarah. Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li.
16 I will bless her and indeed give you a son by her. I will bless her—she will become nations; kings of peoples will come from her." Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
17 Abraham fell on his face, laughing, and said to himself, "Can a son be born to a man who is one hundred years old? Can ninety-year-old Sarah give birth?" Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”
18 Then Abraham said to our Father, "If only Ishmael might live in your presence!" Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
19 But our Father said, "No, your wife Sarah will bear you a son, and you will name him Isaac. I will confirm my covenant with him, an everlasting covenant for his descendants after him. Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
20 As for Ishmael, I have heard you. I will bless him, make him fruitful, and multiply him exceedingly. He will father twelve leaders, and I will make him into a great nation. “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
21 But I will confirm my covenant with Isaac, whom Sarah will bear you at this time next year." “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
22 When he had finished speaking with Abraham, our Father went up from him. Lè Li te fin pale avèk li, Bondye te monte kite Abraham.
23 Then Abraham took Ishmael his son, everyone born in his household, and everyone bought with his money—every male in Abraham's household—and circumcised the flesh of their foreskins that very day, as our Father had told him. Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
24 Abraham was ninety-nine years old when he was circumcised in the flesh of his foreskin. Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
25 His son Ishmael was thirteen when he was circumcised in the flesh of his foreskin. Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
26 On that very day Abraham and Ishmael his son were circumcised. Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël.
27 All the men of his household—house-born and bought with silver from a foreigner—were circumcised with him. Tout gason lakay li yo, ki te fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]