Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Sarai, Abram's wife, had borne him no children. She had an Egyptian servant named Hagar. Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.
2 Sarai told Abram, "Look, our Father has kept me from bearing children. Go sleep with my servant; maybe I'll build a family through her." Abram did as Sarai said. Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
3 After Abram had lived in Canaan ten years, Sarai his wife took her Egyptian servant Hagar and gave her to her husband Abram as a wife. Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
4 He slept with Hagar; she conceived, and seeing she was pregnant, she despised her mistress. Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.
5 Sarai said to Abram, "My wrong is on you. I gave my servant into your arms; now she sees she's pregnant, she despises me. May our Father judge between me and you." Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
6 Abram told Sarai, "Your servant is in your hands; do to her what seems good to you." Sarai mistreated her, and she fled from her presence. Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
7 The messenger of our Father found Hagar at the wilderness spring, the spring on the way to Shur. Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.
8 "Hagar, Sarai's servant," he said, "where have you come from, and where are you going?" "I'm running away from my mistress Sarai," she replied. Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
9 "Go back to your mistress," the messenger of our Father told her, "and submit to her authority." Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
10 The messenger of our Father told her, "I will multiply your descendants until they can't be counted." Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
11 The messenger of our Father also said to her: "You are now pregnant and will give birth to a son. You will name him Ishmael, for I have heard of your misery. Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.
12 He will be a wild donkey of a man, his hand against everyone and everyone's hand against him, and he will live in hostility toward all his brothers." Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.”
13 She named our Father who spoke to her, "You are El Roi—my God who sees me," for she said, "I have now seen the One who sees me." Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”?
14 That is why the well was called Beer-lahai-roi; it lies between Kadesh and Bered. Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared.
15 So Hagar bore Abram a son, and Abram named the son she had borne Ishmael. Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël.
16 Abram was eighty-six years old when Hagar bore him Ishmael. Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]