Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After these things, our Father's word came to Abram in a vision: "Don't fear, Abram. I'm your shield, your very great reward." Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
2 But Abram said, "My Sovereign Father, what will you give me, since I'm childless, and my heir is Eliezer of Damascus?" Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
3 Abram said, "You've given me no offspring; a servant born in my house will inherit from me." Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
4 The word of our Father came to him: "This man won't be your heir; a son from your own body will be your heir." Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
5 He brought him outside and said, "Look at the sky and count the stars, if you're able." Then he said, "So will your descendants be." Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
6 Abram believed our Father, and our Father credited it to him as righteousness. Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
7 He said to him, "I am your Father, who brought you from Ur of the Chaldeans to give you this land to possess." Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
8 But Abram said, "My Sovereign Father, how can I know that I will take possession of it?" Abram te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
9 He said to him, "Take me a three-year-old heifer, goat, and ram, a turtledove, and a young pigeon." Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
10 Abram brought all these to him, cut them in half, and set each half opposite the other; but did not cut the birds. Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.
11 When birds of prey came down on the carcasses, Abram drove them away. Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
12 As the sun set, deep sleep fell on Abram, and great terror and darkness fell over him. Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
13 Then our Father told Abram, "Be certain: your descendants will live as foreigners in a land not theirs, enslaved and oppressed 400 years. Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.
14 I will also judge the nation they serve, and afterward they will come out with great wealth. Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.
15 You will go to your fathers in peace, buried at a good old age. Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
16 In the fourth generation they will return here, for the Amorites' guilt is not yet complete." Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”
17 After sunset, in the dark, a smoking firepot and blazing torch appeared and passed between the pieces. Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.
18 That day our Father covenanted with Abram: "I give your descendants this land, from Egypt's river to the great river, the Euphrates, Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,
19 the land of the Kenites, the Kenizzites, the Kadmonites, peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo,
20 the Hittites, the Perizzites, the Rephaites, Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
21 the Amorites, the Canaanites, the Girgashites, and the Jebusites." Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]