Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now our Father said to Abram, "Go from your land, your relatives, and your father's house, to the land that I will show you. Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou.
2 I will make you into a great nation, and I will bless you; I will make your name great, so that you will be a blessing. Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.
3 I will bless those who bless you, and whoever curses you I will curse; and through you all the families of the earth will be blessed." Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
4 Abram went as our Father told him, and Lot went with him. Abram was seventy-five when he left Haran. Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
5 Abram took his wife Sarai, his nephew Lot, all the possessions they had gathered, and the people they had acquired in Haran, and set out for the land of Canaan, and came to the land of Canaan. Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.
6 Abram passed through the land to the site of Shechem, to the oak of Moreh. The Canaanites were then in the land. Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.
7 Then our Father appeared to Abram and said, "To your offspring I will give this land." So Abram built an altar there to our Father, who appeared to him. SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
8 From there he moved to the hill country east of Bethel and pitched his tent, Bethel to the west, Ai to the east. He built an altar there to our Father and called on our Father's name. Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
9 Then Abram continued on his way, journeying toward the Negev. Abram te vwayaje toujou vè Negev.
10 Since famine struck the land, Abram went down to Egypt to stay there, for the famine was severe in the land. Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.
11 Nearing Egypt, he said to his wife Sarai, "I know you are a beautiful woman. Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl!
12 When the Egyptians see you, they'll say, 'This is his wife,' and kill me but keep you alive. Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv.
13 Please say you're my sister, so it goes well for me because of you, and I stay alive for your sake." Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
14 When Abram entered Egypt, the Egyptians saw that the woman was very beautiful. Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl.
15 Pharaoh's officials saw her, praised her to Pharaoh, and the woman was taken into Pharaoh's palace. Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an.
16 He treated Abram well for her sake, and Abram acquired sheep, cattle, male and female donkeys, male and female servants, and camels. Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.
17 But our Father struck Pharaoh and his household with severe plagues because of Sarai, Abram's wife. Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.
18 Pharaoh summoned Abram: "What is this you've done to me? Why didn't you tell me she was your wife? Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou?
19 Why did you say, 'She's my sister,' so I took her as my wife? Here's your wife now—take her and go." Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
20 Pharaoh ordered his men about Abram, and they sent him off with his wife and all he owned. Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]