Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the whole earth had one language and a common speech. Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.
2 And as they migrated eastward, they found a plain in the land of Shinar and settled there. Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
3 They said to each other, "Come, let's make bricks and fire them hard." They used brick for stone, tar for mortar. Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
4 Then they said, "Come, let's build us a city and tower with its top in the sky, and make us a name, so we don't scatter over the face of the whole earth." Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
5 But our Father came down to see the city and the tower that the people were building. SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
6 And our Father said, "Look, they are one people with one language, and this is only the start of what they will do. Now nothing they plan to do will be impossible for them. Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.
7 Come, let's go down there and scramble their language, so no one understands a neighbor's language." Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
8 So our Father scattered them from there across all the earth's face, and they stopped building the city. Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la.
9 So it was called Babel, for there our Father confused all the earth's language, and from there scattered them over all the earth's face. Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
10 This is Shem's account: at 100, he fathered Arpachshad, two years after the flood. Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la.
11 Shem lived 500 years after he fathered Arpachshad, and had other sons and daughters. Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
12 When Arpachshad had lived thirty-five years, he fathered Shelah. Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach.
13 Arpachshad lived 403 years after he fathered Shelah, and had other sons and daughters. Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
14 When Shelah had lived thirty years, he fathered Eber. Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber;
15 Shelah lived 403 years after he fathered Eber, and had other sons and daughters. epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
16 When Eber had lived thirty-four years, he fathered Peleg. Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg;
17 Eber lived 430 years after he fathered Peleg, and had other sons and daughters. epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
18 When Peleg had lived thirty years, he fathered Reu. Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu.
19 Peleg lived 209 years after he fathered Reu, and had other sons and daughters. Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
20 When Reu had lived thirty-two years, he fathered Serug. Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug.
21 Reu lived 207 years after he fathered Serug, and had other sons and daughters. Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
22 When Serug had lived thirty years, he fathered Nahor. Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor.
23 Serug lived 200 years after he fathered Nahor, and had other sons and daughters. Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
24 When Nahor had lived twenty-nine years, he fathered Terah. Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;
25 Nahor lived 119 years after he fathered Terah, and had other sons and daughters. epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
26 When Terah had lived seventy years, he fathered Abram, Nahor, and Haran. Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
27 Now these are the generations of Terah. Terah fathered Abram, Nahor, and Haran; and Haran fathered Lot. Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
28 Haran died in his birthplace, Ur of the Chaldeans, before his father Terah. Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo.
29 Abram and Nahor married; Abram's wife was Sarai, and Nahor's wife was Milcah, daughter of Haran, who was also the father of Iscah. Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.
30 Now Sarai was unable to conceive; she had no children. Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
31 Terah took his son Abram, his grandson Lot son of Haran, and his daughter-in-law Sarai, Abram's wife, and left Ur of the Chaldeans for Canaan; they reached Haran and settled there. Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
32 Terah lived 205 years, and died in Haran. Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]