Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Abram went up from Egypt to the Negev, he, his wife, all he had, and Lot with him. Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
2 Now Abram had become very rich in livestock, in silver, and in gold. Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
3 He went by stages from the Negev to Bethel, to the place between Bethel and Ai where his tent stood before, Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,
4 and where he had first built an altar. There Abram called on the name of our Father. jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
5 Now Lot, who was traveling with Abram, also had flocks and herds and tents. Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
6 The land could not support them living together; their possessions were too great to stay together. Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.
7 A quarrel arose between Abram's herders and Lot's herders. The Canaanites and Perizzites were living in the land at that time. Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
8 Abram said to Lot, "Let's not quarrel—you and me, or your herders and mine—we're brothers. Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
9 Isn't the whole land before you? Please, separate from me: if left, I'll go right; if right, I'll go left." Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Lot looked up and saw that the whole Jordan plain toward Zoar was well watered everywhere—like our Father's garden, like Egypt's land. (This was before our Father destroyed Sodom and Gomorrah.). Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
11 Lot chose the whole Jordan plain for himself and traveled eastward; the two parted from each other. Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12 Abram lived in the land of Canaan; Lot lived among the cities of the plain and pitched tents as far as Sodom. Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13 Now the people of Sodom were wicked, sinning greatly against our Father. Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
14 After Lot parted from him, our Father told Abram, "Look up from where you stand: north, south, east, and west. SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès.
15 For all the land that you see I will give to you and to your children forever. Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16 I will make your children like the dust of the earth—if the dust of the earth can be counted, so can your children. “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
17 Get up, walk the land's length and breadth, for I am giving it to you." Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18 Abram pitched his tents, went and settled by the oaks of Mamre at Hebron, and built an altar there to our Father. Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]