Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 And you, son of man, prophesy to the mountains of Israel: Mountains of Israel, hear our Father's word. Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.
2 The Sovereign Father says: Because the enemy said of you, "Aha! The ancient heights are now ours," Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’
3 therefore prophesy and say: The Sovereign Father says: Because they made you desolate and trampled you from every side, so you became the possession of the rest of the nations and the object of gossip and slander of the people, akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”
4 therefore, mountains of Israel, hear the word of the Sovereign Father. The Sovereign Father says this to the mountains and hills, the ravines and valleys, the desolate ruins and abandoned cities that became plunder and mockery to the rest of the nations all around: Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,
5 therefore the Sovereign Father says: In my burning jealousy I have spoken against the rest of the nations and all Edom, who with wholehearted joy and total contempt claimed my land as theirs, to plunder its pasture. akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’
6 So prophesy about the land of Israel; say to the mountains and hills, the ravines and valleys: The Sovereign Father says: I have spoken in my jealousy and wrath, because you have borne the nations' insults. Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’
7 So the Sovereign Father says: I have raised my hand in oath—the nations around you will bear their own insults. Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
8 But you, mountains of Israel, will put out branches and bear fruit for my people Israel, for they are about to come home. “‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.
9 For I am for you; I will turn toward you, and you will be tilled and sown. Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante.
10 I will multiply people on you—the whole house of Israel, all of it. The cities will be settled and the ruins rebuilt. Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati.
11 I will multiply people and animals on you; they will increase and be fruitful. I will settle you as in former days and do you more good than at first. Then you will know I am your Father. Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
12 I will make people walk on you—my children Israel; they will possess you, you will be their inheritance, and you will never again make them childless. Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
13 The Sovereign Father says: Because they tell you, "You devour people and rob your nation of children," “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon pèp ki manje moun e ou te fè peye ou pèdi pitit li yo,’
14 therefore you will no longer devour people or bereave your nation of children, declares the Sovereign Father. Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peye ou yo,” deklare Senyè BONDYE a.
15 I'll no longer let you hear the nations' insults; you'll no longer bear the peoples' disgrace or make your nation stumble, declares the Sovereign Father. “Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
16 The word of our Father came to me, saying: Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
17 "Son of man, when the house of Israel lived on their own land, they made it unclean by their ways and deeds. Their way before me was like a woman's menstrual impurity. “Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.
18 So I poured out my anger on them for the blood they shed on the land and because they made it unclean with their idols. Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo.
19 I scattered them among the nations, dispersed through the lands; I judged them by their ways and deeds.' Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo.
20 But among the nations they went to, they desecrated my holy name, since it was said of them, 'These are the LORD's people, yet they left his land.' Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’
21 But I cared about my holy name, which Israel's people had desecrated among the nations they went to. Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
22 So tell the house of Israel: The Sovereign Father says: "I am not about to act for your sake, house of Israel, but for my holy name, which you desecrated among the nations you went to. “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.
23 I will make my great name holy—desecrated among the nations, which you desecrated among them. Then the nations will know I am the Father, declares the Sovereign Father, when I show myself holy through you before their eyes. Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
24 "I will take you from the nations, gather you from all the lands, and bring you into your own land. “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.
25 I will sprinkle clean water on you, and you will be clean; I will cleanse you from all your impurities and all your idols. Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.
26 I will give you a new heart and a new spirit within you. I will take the heart of stone out of your flesh and give you a heart of flesh. Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.
27 I will put my Spirit within you and cause you to walk in my statutes, and you will keep my ordinances and do them. Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.
28 You will live in the land I gave your fathers; you will be my children, and I your Father. Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen yo e Mwen va Bondye pa nou.
29 I will save you from all your impurities. I will call for the grain and multiply it, and bring no famine on you. Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.
30 I will multiply tree fruit and field crops, so you never again suffer famine's disgrace among the nations. Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
31 "Then you will remember your evil ways and deeds that were not good, and you will hate yourselves for your sins and detestable things.' “‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo.
32 I am not acting for your sake, declares the Sovereign Father—know this. Be ashamed and disgraced for your ways, house of Israel. Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
33 Sovereign Father says: "When I make you clean from all your sins, I will resettle the cities and rebuild the ruins. “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati.
34 The desolate land will be farmed, instead of lying waste before all who pass by. Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo.
35 They will say, 'This desolate land has become like the garden of Eden; the ruined, desolate, demolished cities are now fortified and inhabited.' Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’
36 Then the nations that remain around you will know that I, the Father, rebuilt what was torn down and replanted the wasteland. I, your Father, have spoken and will do it.' Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”
37 The Sovereign Father says: "This too I will let the house of Israel ask me to do for them: I will multiply their people like a flock. “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton.
38 Like the flock for offerings, like Jerusalem's flock at her appointed feasts, so will the ruined cities fill with flocks of people. Then they will know I am your Father." Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]