Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
2 Son of man, set your face against Mount Seir and prophesy against it. “Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li.
3 Say to it: This is what the Sovereign Father says: "Look, I am against you, Mount Seir. I will stretch my hand against you and make you a desolation and waste. Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir, Mwen va lonje men M kont ou pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
4 I will lay your cities in ruins, and you will become a desolation. Then you will know that I am the Father. Mwen va fè devaste vil ou yo e ou va vin Yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
5 Because you held an ancient hatred and gave the people of Israel over to the sword at the time of their disaster, at the time their final punishment came," “‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an.
6 so as I live, declares the Sovereign Father, I will hand you over to bloodshed, and bloodshed will pursue you. Since you did not hate bloodshed, bloodshed will pursue you. Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou.
7 "I will make Mount Seir a desolate waste and cut off from it all who come and go. Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li.
8 I will fill its mountains with the slain; on your hills, valleys, and all your ravines those killed by the sword will fall. Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe.
9 I will make you desolate forever; your cities will stay empty. Then you will know that I am the Father. Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
10 Because you said, 'These two nations, these two lands will be mine; we'll take them'—though our Father was there," “‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,
11 therefore, as I live, declares the Sovereign Father, I will treat you as your anger and envy deserve, which you showed in hating Israel, and I will make myself known among Israel's people when I judge you. Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou.
12 Then you will know I am the Father. I have heard all your contempt against Israel's mountains: "They are wasted, given us to devour." Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’
13 You boasted against me with your mouth and heaped up your words against me; I heard it. Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”
14 This is what the Sovereign Father says: While the whole earth rejoices, I will make you desolate. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon.
15 As you rejoiced because the house of Israel's inheritance was desolate, so I will do to you. You will be desolate, Mount Seir, all Edom, all of it. Then they will know that I am the Father. Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]