Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The hand of our Father came on me. He brought me out by the Spirit of our Father and set me down in the middle of the valley—it was full of bones. Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.
2 He led me around them, all around—very many on the valley floor, and very dry. Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch.
3 He said to me, "Son of man, can these bones live?" I said, "Sovereign Father, you know." Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?” Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
4 Then he said to me, "Prophesy over these bones: Dry bones, hear our Father's word. Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.
5 This is what the Sovereign Father says to these bones: I am bringing breath into you, and you will live. Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan.
6 I will put tendons on you, bring flesh over you, cover you with skin, put breath in you, and you will live. Then you will know that I am your Father." Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
7 So I prophesied as commanded. As I prophesied there was a noise—a rattling—and the bones drew together, bone to its bone. Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo.
8 I looked: tendons on them, flesh grown over them, skin covering them over—but no breath in them. Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
9 He said to me, "Prophesy to the breath; prophesy, son of man, and tell the breath: The Sovereign Father says: Come from the four winds, breath, and breathe into these slain, so they live." Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
10 So I prophesied as he commanded me, and the breath entered them, and they came alive and stood on their feet—a huge, huge army. Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
11 He said to me, "Son of man, these bones are the whole house of Israel. They say, 'Our bones are dried up and our hope is gone; we are cut off entirely.' Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’
12 So prophesy and tell them: This is what the Sovereign Father says: I am opening your graves and bringing you up from your graves, my children, and I will bring you into the land of Israel. Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël.
13 Then you will know I am your Father, when I open your graves and lift you out of your graves, my children. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an.
14 And I will put my Spirit in you, and you will live, and I will settle you on your own land. Then you will know that I, your Father, have spoken and acted, declares our Father." Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
15 The word of our Father came to me again: Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di:
16 "And you, son of man, take one stick and write on it, 'For Judah and the Israelites, his companions.' Then take another stick and write on it, 'For Joseph—the stick of Ephraim—and all the house of Israel, his companions. “Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’
17 And join them together into a single stick, so they become one in your hand.' Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
18 "And when your people ask you, 'What do you mean by these?' “Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’
19 say to them, This is what the Sovereign Father says: I am taking Joseph's stick, in Ephraim's hand, with the tribes of Israel joined to him, and adding them to Judah's stick, making them one stick, so they are one in my hand. Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M.
20 Hold in your hand the sticks you wrote on, before their eyes. Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’
21 Then tell them, This is what the Sovereign Father says: 'I am taking the Israelites from among the nations where they went; I will gather them from all sides and bring them to their own land. Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.
22 I will make them one nation in the land, on Israel's mountains, and one king will be king over them all. They will no longer be two nations, never again divided into two kingdoms. Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.
23 They will no longer make themselves unclean with their idols, their detestable things, or any of their rebellions. I will save them from every place where they lived and sinned, and make them clean. They will be my children, and I will be their Father. Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
24 My servant David will be king over them; they will all have one shepherd. They will follow my rulings, keep my decrees, and do them. “‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.
25 They will live in the land I gave my servant Jacob, where your fathers lived. They, their children, and their children's children will live there forever, and David my servant will be their prince forever. Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.
26 I will make a peace covenant with them, an everlasting covenant with them. I will settle them and multiply them, and place my sanctuary among them forever. Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.
27 My dwelling will be over them; I will be their Father, and they will be my children. Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
28 Then the nations will know I am your Father, who makes Israel holy, when my sanctuary is among them forever.'" Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]