Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the twelfth year, twelfth month, first day, the word of our Father came to me: Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 Son of man, raise a lament over Pharaoh king of Egypt, and tell him: You likened yourself to a lion among the nations, but you are like the dragon in the seas; you burst through your rivers, churning the waters with your feet, fouling their streams. ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
3 This is what the Sovereign Father says: I will spread my net over you with a host of many peoples, and they will haul you up in my dragnet. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou avèk konpanyen a anpil moun, e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.
4 I will hurl you onto the land, cast you out on the open field; I will make all the birds of the sky settle on you, and the beasts of all the earth gorge themselves on you. Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
5 I will scatter your flesh on the mountains and fill the valleys with your carcass. Mwen va lage chè ou sou mòn yo, e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
6 I will drench the land with your flowing blood all the way to the mountains, and the ravines will be filled with you. Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou. L ap rive jis nan mòn yo. Kous dlo yo va vin plen ak ou.
7 As I extinguish you, I will veil the heavens and dim their stars; with clouds I will cover over the sun, and the moon will withhold its light. Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.
8 I will darken all the shining lights in the heavens over you, and I will bring darkness on your land, declares the Sovereign Father. Tout limyè k ap briye nan syèl la, Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e va mete fènwa sou peyi ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
9 I will trouble the hearts of many peoples when I bring news of your downfall among the nations, into lands you have not known. “Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon, lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo, jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
10 I will leave many peoples appalled at you, and their kings will shudder with horror because of you when I brandish my sword before them. On the day of your fall they will tremble without stopping, each one for his own life. Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou, e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou, lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm. Yo va tranble tout tan, chak moun pou pwòp lavi li, nan jou ke ou tonbe a.”
11 For this is what the Sovereign Father says: The sword of the king of Babylon will come against you. Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
12 By the swords of warriors I will make your multitude fall—the most ruthless of all the nations. They will shatter the pride of Egypt, and all its hordes will be destroyed. Pa nepe a pwisan yo, Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe. Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo. Yo va devaste ògèy Égypte la, e tout gwo foul lame li yo va detwi.
13 I will wipe out all its cattle from beside the abundant waters; no human foot will muddy them again, nor will the hooves of cattle stir them up. Anplis, Mwen va detwi tout bèt ki rete bò kote anpil dlo li yo. Pye moun p ap gaye labou ankò, ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.
14 Then I will let their waters settle and make their rivers flow like oil, declares the Sovereign Father. Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,” deklare Senyè BONDYE a.
15 When I make the land of Egypt a desolation, stripping the land of all that fills it, when I strike down all who live in it, then they will know that I am the Father. “Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon, e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo, lè M frape tout sila ki rete ladann yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
16 This is a lament; they will chant it. The daughters of the nations will chant it over Egypt and all its crowds; they will chant it, declares the Sovereign Father. “‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”
17 In the twelfth year, on the fifteenth of the month, the word of our Father came to me: Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
18 Son of man, wail over Egypt's hordes; send her down—her and the daughters of majestic nations—to the world below, with those who go down to the pit. “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
19 Whom do you surpass in beauty? Go down and be laid to rest with the uncircumcised. ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’
20 They will fall among those slain by the sword. The sword is drawn; drag her away with all her multitudes. Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo.
21 From the midst of the grave the mighty leaders will speak of him, with his helpers: They have gone down, they lie there—the uncircumcised, slain by the sword. Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’
22 Assyria is there with all her assembly, her graves all around her, all of them slain, fallen by the sword, “Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe,
23 their graves set in the deepest parts of the pit, her assembly all around her grave, all of them slain, fallen by the sword—those who once spread terror in the land of the living. tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.
24 Elam is there with all her multitude around her grave, all of them slain, fallen by the sword—those who went down uncircumcised to the world below, who once spread their terror in the land of the living. Now they bear their shame with those who go down to the pit. “Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo.
25 A bed is made for her among the slain, with all her multitude, her graves all around it—all of them uncircumcised, slain by the sword. Because they spread terror in the land of the living, they bear their shame with those who go down to the pit; they are placed among the slain. Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa,yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.
26 Meshech and Tubal are there with all their multitude, their graves around them, all of them uncircumcised, pierced by the sword, because they spread their terror in the land of the living. “Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo.
27 They do not lie with the fallen warriors of old, who went down to the grave with their weapons of war, whose swords were laid beneath their heads and whose guilt rests on their bones—for the terror of these warriors had once filled the land of the living. Ni yo pa p kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.
28 But you too will be broken among the uncircumcised and lie with those slain by the sword. “Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.
29 Edom is there, her kings and all her princes, who for all their might were laid with those slain by the sword; they lie with the uncircumcised, with those who go down to the pit. “La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
30 All the princes of the north are there, and all the Sidonians, who went down in shame with the slain despite the terror their might once caused; they lie uncircumcised with those slain by the sword and bear their shame with those who go down to the pit. “La tou, gen chèf lanò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.
31 Pharaoh will see them and be consoled about all his multitude—Pharaoh and all his army, slain by the sword, declares the Sovereign Father. “Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a.
32 For I spread his terror in the land of the living; so he will be laid among the uncircumcised, with those slain by the sword—Pharaoh and all his multitude, declares the Sovereign Father. Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]