Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
2 "Son of man, speak to your people and tell them: When I bring a sword against a land, its people take one man from among them and make him their watchman, “Fis a lòm, pale a fis a pèp ou yo pou di yo: ‘Si Mwen mennen nepe sou yon peyi, e pèp peyi a pran yon nonm soti pami yo pou fè li gadyen yo,
3 and he sees the sword coming against the land and blows the trumpet to warn the people, epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo,
4 then if anyone hears the trumpet but ignores the warning, and the sword comes and takes him, his blood is on his own head. men sila ki tande son twonpèt la pa okipe l, e nepe a rive pran l, mennen l ale, san li ap tonbe sou pwòp tèt li.
5 He heard the trumpet and ignored the warning; his blood is on him. Had he taken the warning, he would have saved his life. Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li.
6 But if the watchman sees the sword coming and doesn't blow the trumpet, and the people go unwarned, and the sword comes and takes one of them, that one dies for his own guilt, but I will charge his blood to the watchman. Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’
7 "You, son of man, I made a watchman for the house of Israel. When you hear a word from my mouth, warn them from me." “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen.
8 When I tell the wicked, "Wicked one, you will surely die," and you do not speak to warn him to turn from his way, he will die for his guilt, but I will hold you responsible for his blood. Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou.
9 But if you warn the wicked to turn from his way and he will not turn from it, he dies for his sin; you have saved your life. Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.
10 "And you, son of man, say to the house of Israel: This is what you say: "Our wrongdoings and our sins are on us, and we rot away in them. How can we live?" “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’
11 Say to them: As I live, declares the Sovereign Father, I find no pleasure in the death of the wicked, but that the wicked turn from his way and live. Turn back, turn back from your evil ways! Why should you die, house of Israel? Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
12 "And you, son of man, tell your people: The righteous man's righteousness won't save him the day he rebels, and the wicked man's evil won't make him fall the day he turns from it; the righteous can't live by his righteousness the day he sins. “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’
13 If I tell the righteous, 'You will certainly live,' and he trusts his own righteousness and does wrong, none of his righteous acts will be remembered; he dies for the wrong he did. Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri.
14 If I tell the wicked, "You will surely die," and he turns from his sin and does what is just and right, Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati,
15 if the wicked returns the pledge, pays back what he stole, follows the laws of life, doing no wrong—he will surely live; he will not die. si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.
16 No sin he committed will be remembered against him. He did what is just and right; he will certainly live. Okenn nan peche ke li te komèt yo p ap vin sonje kont li. Li pratike lajistis ak ladwati. Anverite, li va viv.
17 "Your people say, "The Sovereign Father's way is not right"—but it's their own way that is not right. “‘Malgre sa, sitwayen parèy ou yo di: “Chemen Senyè a pa dwat,” men se pwòp chemen pa yo ki pa dwat la.
18 When the righteous turns from his righteousness and does wrong, he will die for it. Lè moun ladwati a kite ladwati pou komèt inikite, alò, li va mouri ladann.
19 When the wicked turns from his evil and does what is just and right, he will live by it. Men lè mechan an vire kite mechanste li an pou vin pratike lajistis ak ladwati, li va viv ladan yo.
20 Yet you say, "The way of the Sovereign Father is not just." I will judge each of you by his own ways, house of Israel." Men nou di: “Chemen SENYÈ a pa jis”. O lakay Israël, Mwen va jije nou chak selon chemen nou.’”
21 In our exile's twelfth year, tenth month, fifth day, a fugitive from Jerusalem came to me and said, "The city has fallen." Alò, nan douzyèm ane egzil nou an, nan senkyèm jou nan dizyèm mwa a, yon moun ki te chape Jérusalem te vin kote mwen. Li te di: “Yo fin pran vil la.”
22 The hand of our Father was on me the evening before the fugitive arrived, and our Father opened my mouth before the man came to me in the morning. My mouth was opened, and I was no longer silent. Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.
23 Then the word of our Father came to me: Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
24 Son of man, those living in these ruins in Israel's land keep saying, "Abraham was only one man, yet he took possession of the land; we are many—surely the land has been given to us as our possession." “Fis a lòm, sila kirete kote dezole sa yo nan peyi Israël ap di: ‘Abraham se te yon sèl, malgre sa, li te posede tè a. Men nou menm anpil. Peyi a te donnen a nou.’
25 So tell them: The Sovereign Father says: You eat meat with the blood, lift your eyes to your idols, and shed blood—should you possess the land? Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?
26 You rely on your swords, you commit detestable things, and each of you commits adultery with his neighbor's wife—should you then possess the land? Nou mete konfyans nou nan nepe nou, nou komèt zak abominab, e nou tout souye madanm a vwazen nou. Èske konsa, nou ta dwe posede peyi a?”’
27 Tell them: This is what the Sovereign Father says: "As I live, those in the ruins will fall by the sword, those in the open field I will hand to wild animals to eat, and those in strongholds and caves will die of plague. “Konsa ou va pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan Mwen viv la, anverite, sila ki nan savann yo va tonbe pa nepe. Nenpòt moun ki nan chan ouvri a, Mwen va bay li a bèt sovaj pou devore li, e sila ki nan sitadèl ak nan kav yo, yo va mouri akoz ensèk ak gwo maladi.
28 I will make the land a desolation and a waste; her proud strength will end; Israel's mountains will lie desolate, with no one crossing them. Mwen va fè tè a vin dezole jis pou l etonnen moun. Ògèy a pouvwa li a va sispann. Mòn Israël yo va vin dezole jiskaske pèsòn p ap travèse yo.
29 Then they will know I am their Father, when I make the land a wasteland and ruin because of all the detestable things they did." Konsa yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’
30 You, son of man: your people talk about you by the walls and in house doorways, one with another, each with his brother: "Come now, hear what word comes from our Father. “Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’
31 They come to you as people do, sit before you as my people, and hear your words—but they don't act on them. For with their mouths they speak love, while their hearts chase their own gain. Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.
32 Look, to them you are like a love song, beautifully voiced, well played; they hear your words but don't do them. Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.
33 When it comes true—and it will—they will know a prophet was among them." “Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]