Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Make an altar for burning incense; make it of acacia wood. “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya.
2 Square: about eighteen inches long, eighteen inches wide, and about three feet high, its horns of one piece with it. Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li.
3 Cover it in pure gold—its top, sides all around, and horns—then add a gold rim around it. Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.
4 Make two gold rings below its molding, on two opposite sides, to hold the carrying poles. Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo.
5 Make the poles of acacia wood and overlay them with gold. Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò.
6 Set it before the curtain that is by the ark of the testimony, before the cover over the testimony, where I will meet you. Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a.
7 Every morning when he tends the lamps, Aaron is to burn fragrant incense on it. “Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.
8 When Aaron sets up the lamps at dusk, he is to burn it—a continual incense before me, through your generations. Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.
9 Do not offer unauthorized incense, burnt offering, or grain offering on it; do not pour a drink offering on it. “Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li.
10 Once a year Aaron is to atone on its horns; once a year, with the blood of the sin offering of atonement, he is to atone for it throughout your generations. It is most holy to me." Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”
11 Our Father said to Moses, SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l:
12 "When you take a census of the Israelites to count them, each must give me a ransom for his life at that counting, so no plague comes on them as they are counted. “Lè nou fè yon kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo.
13 Everyone counted must give about a fifth of an ounce of silver, by the sanctuary standard, as an offering to me. Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.
14 Everyone who is counted, twenty years old and upward, is to give this offering to me. “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a.
15 The rich must not give more, nor the poor less, than this fifth of an ounce, when you offer it to me to atone for your lives. Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.
16 Take the atonement money from the Israelites; give it for the tent of meeting's service. It will be a memorial for the Israelites before me, to atone for your lives." “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.”
17 Our Father said to Moses, “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l:
18 "Make a bronze basin with its bronze stand, for washing. Set it between the tent of meeting and the altar; put water in it, Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann.
19 so that Aaron and his sons can use it to wash their hands and feet. Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann.
20 Entering the tent of meeting, they must wash with water so they won't die; or approaching the altar to serve, to burn a food offering to me. Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofran dife vè SENYÈ a.
21 They must wash their hands and feet, or they will die. It is a lasting rule for Aaron and his descendants, generation after generation." Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”
22 Our Father said to Moses, Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
23 "Take the finest spices: 12½ pounds of liquid myrrh, half as much—6¼ pounds—of fragrant cinnamon, and 6¼ pounds of fragrant cane, “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant,
24 and twelve and a half pounds of cassia, measured by the sanctuary standard, and a gallon of olive oil. epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la.
25 Make it a holy anointing oil, a blended perfume, the work of a perfumer—a holy anointing oil. Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va yon lwil sen pou onksyone.”
26 With it anoint the tent of meeting, the ark of the testimony, “Avèk li ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la,
27 the table and all its utensils, the lampstand and its utensils, the altar of incense, tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,
28 the altar of burnt offering with all its utensils, and the basin with its stand. lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li.
29 Dedicate them so they are most holy; whatever touches them becomes holy. “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen.
30 Anoint Aaron and his sons; dedicate them to serve me as priests. Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”
31 Say to the Israelites, 'This are to be my holy anointing oil throughout your generations. Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.
32 Don't pour it on anyone's body, and don't make anything like it by its formula. It is holy—it is to be holy to you. Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Li sen, e li va sen pou ou menm.
33 Whoever blends anything like it, or puts it on an outsider, will be cut off from his people.'" Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
34 Our Father said to Moses, "Take fragrant spices—stacte, onycha, and galbanum—these fragrant spices with pure frankincense, in equal parts, Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite.
35 and make them into fragrant incense, the work of a perfumer, seasoned with salt, pure and holy. Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen.
36 Grind some of it very fine and put some before the testimony in the tent of meeting, where I will meet you. It remains most holy to you. Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”
37 Don't make incense to this formula for yourselves; it is holy to you, for it belongs to me. “Lansan sa a, nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a.
38 Whoever makes any like it to enjoy its fragrance is to be cut off from his people." Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]