Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "To dedicate them as priests serving me, do this: take one young bull and two rams without defect, “Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo,
2 and bread without yeast, unleavened cakes mixed with oil, and unleavened wafers spread with oil, all made of fine wheat flour. epi pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen.
3 Put them in one basket and present them in it, with the bull and the two rams. Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo.
4 Then bring Aaron and his sons to the tent of meeting entrance and wash them with water. “Konsa, ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo.
5 Take the garments and dress Aaron in the tunic, the robe of the ephod, the ephod, and the breastpiece, and fasten the ephod's woven band on him. Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.
6 Set the turban on his head and put the holy crown on the turban. Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.
7 Then take the anointing oil, pour it on his head, and anoint him. Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.
8 Bring his sons forward and dress them in tunics. Ou va mennen fis li yo, e mete tinik yo sou yo.
9 Wrap sashes around Aaron and his sons and fasten their caps. The priesthood is theirs by lasting decree. So you will ordain Aaron and his sons. Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.
10 "Bring the bull before the tent of meeting; Aaron and his sons lay their hands on its head. “Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt towo a.
11 Slaughter the bull before me at the entrance of the tent of meeting. Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an.
12 Take some of the bull's blood and with your finger put it on the horns of the altar; pour out the rest at the base of the altar. Ou va pran kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la.
13 Take all the fat covering the organs, the lobe of the liver, and the two kidneys with their fat, and burn them on the altar. Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.
14 Burn the bull's flesh, hide, and waste outside the camp. It is a sin offering. Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.
15 "Take one ram; Aaron and his sons are to lay their hands on its head. “Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
16 Slaughter the ram, take its blood, and throw it against the sides of the altar. Ou va touye belye a e ou va pran san li pou flite li toutotou lotèl la.
17 Cut the ram into pieces, wash its inner organs and legs, and place them with its pieces and head. Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li.
18 Then burn the whole ram on the altar. It is a burnt offering to me, a pleasing aroma, a food offering presented to me. Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.
19 "Take the other ram, and Aaron and his sons are to lay their hands on its head. “Alò ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
20 Slaughter the ram, take some of its blood, and put it on Aaron's right earlobe, on his sons' right earlobes, on their right thumbs and right big toes, and throw the rest of the blood against the sides of the altar. Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.
21 Take some of the blood on the altar and some of the anointing oil, and sprinkle them on Aaron and his garments, and on his sons and their garments with him. Then he and his garments will be holy, with his sons and their garments. Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.
22 Take the fat from the ram: the fat tail, the fat covering the internal organs, the liver's long lobe, the two kidneys with their fat, and the right thigh—for it is a ram of ordination. “Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),
23 Take one loaf, one oil cake, and one wafer from the basket of bread without yeast before me. Epi yon gato pen avèk yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a.
24 Put all these in the hands of Aaron and his sons, and wave them as a wave offering before me. Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.
25 Take them from their hands and burn them on the altar over the burnt offering, a pleasing aroma before me. It is a food offering to me. Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.
26 "Take the breast of Aaron's ordination ram and wave it before me as a wave offering; it is your portion. “Epi ou va pran vyann pwatrin belye a ki pou òdonasyon Aaron an, e ou va balanse li anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. Li va pòsyon pa w.
27 Set apart the wave-offering breast and the raised thigh from the ordination ram—the portions for Aaron and his sons. “Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo.
28 It belongs to Aaron and his sons as a permanent share from the people of Israel, for it is a contribution—the contribution from the people of Israel's peace offerings, their contribution to me. Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a.
29 "Aaron's holy garments pass to his sons after him, to be anointed and ordained in them. “Vètman sen ki pou Aaron yo va pou fis li yo apre li, ke nan yo, yo kapab onksyone e òdone.
30 The son who succeeds him as priest and enters the tent of meeting to serve in the Holy Place is to wear them seven days. Pandan sèt jou sila pami fis li yo ki vin prèt nan plas li, li va mete yo sou li lè l ap antre nan tant reyinyon an pou fè sèvis nan lye sen an.
31 "Take the ram of ordination and boil its flesh in a holy place. “Ou va pran belye òdonasyon an e ou va bouyi chè li nan yon lye sen.
32 At the entrance of the tent of meeting, Aaron and his sons will eat the ram's meat and the bread in the basket. “Aaron avèk fis li yo va manje chè belye a ak pen ki nan panyen ki nan pòtay tant reyinyon an.
33 They are to eat what made atonement at their ordination and dedication, but no outsider is to eat it, because it is holy. Konsa yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen.
34 If any ordination meat or bread remains till morning, burn the rest with fire. It must not be eaten, because it is holy. Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen.
35 "Do this for Aaron and his sons, following all I commanded you. Take seven days to ordain them. “Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan sèt jou.
36 Each day offer a bull as a sin offering for atonement. Purify the altar by making atonement for it, and anoint it to dedicate it. “Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.
37 For seven days make atonement for the altar and dedicate it. Then it will be most holy, and whatever touches it becomes holy. Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen.
38 "This is what you are to offer on the altar: two year-old lambs each day, without fail. “Alò, se sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete.
39 Offer one lamb in the morning and the other at twilight. Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;
40 With the first lamb offer about two quarts of fine flour mixed with about a quart of pressed oil, and about a quart of wine as a drink offering. epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton.
41 Offer the second lamb at twilight with the same grain and drink offering as in the morning, a pleasing aroma, a food offering to me. Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a.
42 A continual burnt offering for your generations at the tent of meeting's entrance before me, where I will meet with you to speak with you. “Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a.
43 There I will meet with the Israelites, and my glory will make the place holy. “Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen.
44 I will dedicate the tent of meeting and the altar, and dedicate Aaron and his sons to serve me as priests. Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen.
45 "I will dwell among the people of Israel and will be their Father. “Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo.
46 They will know I am their Father, who brought them out of Egypt so I could live among them. I am their Father." Yo va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa yo ki te fè yo sòti nan peyi Égypte la, pou M ta kapab rete pami yo: Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]