Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Bring your brother Aaron near to you, with his sons, from the Israelites, to serve me as priests: Aaron, Nadab, Abihu, Eleazar, Ithamar. These are the sons of Aaron. “Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.
2 Make holy garments for Aaron your brother, for glory and for beauty. “Ou va fè vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt.
3 Speak to all who are skillful, whom I have filled with a spirit of wisdom, to make Aaron's garments to dedicate him, to serve me as priest. Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.
4 These are the garments they must make: a breastpiece, ephod, robe, woven tunic, turban, and sash. They are to make these holy garments for your brother Aaron and his sons, so they may serve me as priests. “Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.
5 They are to use gold, and blue, purple, and scarlet yarn, and fine linen. Yo va pran lò a avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fin blan an.
6 "Make the ephod of gold, blue, purple, and scarlet yarn, and finely twisted linen, worked by a skilled craftsman. “Yo va osi fè efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare.
7 It is to have two shoulder pieces, joined at its two edges, joined together. Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm.
8 The waistband on it must match: gold, blue, purple, scarlet yarn, and finely twisted linen, worked in one piece. Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.
9 Take two onyx stones and engrave on them the names of the sons of Israel. “Ou va pran de pyè oniks, e grave sou yo non a fis Israël yo.
10 Six names on one stone, the other six on the second stone, by their birth order. Sis nan non yo va sou yon pyè, e sis ki rete yo sou lòt pyè a, selon lòd nesans yo.
11 As a jeweler engraves a seal, engrave the two stones with the names of Israel's sons, then mount them in gold filigree. Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo.
12 Put the two stones on the ephod's shoulder pieces as memorial stones for Israel's sons; Aaron will carry their names before me on his two shoulders as a memorial. Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif.
13 Make settings of gold filigree, Ou va pozisyone l sou yon monti fèt an lò,
14 and two chains of pure gold, twisted like cords; and attach the twisted chains to the settings. ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo.
15 "Make a breastpiece of judgment: skilled work, made like the ephod's work—gold, blue, and purple, and scarlet yarn, and finely twisted linen. “Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.
16 It is to be square and doubled, about nine inches long and nine inches wide. Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè.
17 Set in it four rows of stones. The first row is to be carnelian, topaz, and beryl; “Ou va monte sou li kat ranje nan pyè yo; premye ranje a va yon ranje avèk woubi, topaz ak emwod;
18 the second row turquoise, lapis lazuli, and emerald; epi dezyèm ranje a yon tikwaz, yon safi, avèk yon dyaman;
19 the third row jacinth, agate, and amethyst; epi twazyèm ranje a, yon opal, yon agat, ak yon ametis;
20 and the fourth row beryl, onyx, and jasper. They are to be set in gold filigree. epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo.
21 Twelve stones, one per name of Israel's sons—each engraved like a seal with its own name, for the twelve tribes. Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak selon non pa yo pou douz tribi yo.
22 For the breastpiece make chains of pure gold, twisted like cords. “Ou va fè sou pyès lestomak la, chèn tankou kòd ki tòde, yon zèv ki fèt avèk lò pi.
23 Make two gold rings for the breastpiece, and fasten the two rings to its two edges. Ou va fè nan pyès lestomak la de wondèl an lò, e ou va mete de wondèl yo nan de pwent yo nan pyès lestomak la.
24 Then fasten the two gold cords to the two rings at the edges of the breastpiece. Ou va mete de kòd lò yo nan de wondèl yo nan pwent a pyès lestomak yo.
25 Fasten the cords' remaining two ends to the two filigree settings, joining them to the ephod's shoulder pieces at the front. Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li.
26 Make two gold rings; put them on the two ends of the breastpiece, on its inner edge next to the ephod. “Ou va fè de wondèl an lò e ou va plase yo sou de pwent pyès lestomak yo, akote li, ki se bò kote anndan efòd la.
27 Make two more gold rings and fix them to the ephod's two shoulder pieces, low on the front, near its seam, above its woven band. Ou va mete de wondèl an lò e ou va mete yo nan pati anba pyès efòd yo, pa devan li, toupre plas kote li jwenn nan, anwo bann tise byen fen nan efòd la.
28 The breastpiece is to be bound by its rings to the ephod's rings with a blue cord, so it rests on the ephod's woven band and does not come loose from it. Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.
29 Aaron will carry the names of Israel's sons over his heart on the breastpiece of judgment when he enters the Holy Place, as a continual reminder before me. “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a.
30 Put the Urim and Thummim into the breastpiece of judgment, so they lie over Aaron's heart when he comes before me. Aaron will always carry the judgment of Israel's sons over his heart before me. Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.
31 "Make the robe of the ephod entirely of blue. “Ou va fè tout manto efòd la an ble.
32 An opening for the head in its center, with a woven rim around it like a tunic's collar, so it won't tear. Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire.
33 Make pomegranates of blue, purple, and scarlet yarn around its hem, with gold bells between them. Ou va fè nan woulèt li grenad ak materyèl ble, mov, e wouj, toutotou woulèt li, ak klòch an lò antre yo chak toutotou:
34 Gold bell and pomegranate, gold bell and pomegranate, all around the robe's hem. yon klòch an lò ak yon grenad, yon klòch an lò ak yon grenad, toutotou woulèt manto a.
35 Aaron must wear it while serving. Its sound will be heard entering and leaving the Holy Place before me, so he does not die. Li va sou Aaron lè l ap fè sèvis li; epi son li va tande lè l ap antre e soti nan lye sen an devan SENYÈ a, jis pou li pa mouri.
36 "Make a pure gold plate; engrave on it like a seal engraving: 'Holy to the Father.' “Ou va osi fè yon plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: “Sen a SENYÈ a.”
37 Attach it to the turban with a blue cord, on the turban's front. Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an.
38 It will be on Aaron's forehead; he will bear the guilt of the holy things Israel's people dedicate as their holy gifts. It stays on his forehead always, so they will be accepted before me. Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou yo kapab aksepte devan SENYÈ a.
39 Weave the fine linen tunic, make the fine linen turban, and make the sash, an embroiderer's work. Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.
40 For Aaron's sons make tunics, sashes, and caps, for glory and for beauty. Pou fis Aaron yo ou va fè tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt.
41 Dress Aaron your brother and his sons with him, anoint them, ordain them, dedicate them, so they may serve me as priests. Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.
42 Make linen undergarments for them to cover their naked flesh, reaching from the hips to the thighs. “Ou va fè pou yo pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo.
43 Aaron and his sons must wear them whenever they enter the tent of meeting or approach the altar to serve in the Holy Place, so they don't bear guilt and die. This is a lasting statute for him and his descendants after him." Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]