Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Whoever steals an ox or sheep, then kills or sells it, repays five cattle for the ox, four sheep for the sheep. Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
2 If a thief is caught breaking in and beaten to death, no bloodguilt for it. Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la.
3 If sunrise finds him, bloodguilt is his. He must repay; if he has nothing, he's sold for his theft. Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a.
4 If the stolen animal is found alive in his possession—ox, donkey, or sheep—he must repay double. Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.
5 "If someone lets livestock loose and it grazes in another's field or vineyard, he repays with the best of his field and the best of his vineyard. Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li lan.
6 "If fire spreads and catches thornbushes, burning stacked grain, standing grain, or the field, whoever started it must repay in full. Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye.
7 "If someone entrusts a neighbor with silver or goods, and it's stolen from his house, the thief—if caught—pays back double. Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.
8 If the thief isn't found, the householder must come before our Father to see if he took his neighbor's property. Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.
9 For any disputed ox, donkey, sheep, garment, or lost item claimed as his, both come before our Father; whoever our Father condemns pays double to his neighbor. Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.
10 "If someone gives his neighbor a donkey, ox, sheep, or any animal to guard, and it dies, is hurt, or is taken unseen, Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè,
11 an oath before me settles the matter between them: the keeper did not lay a hand on his neighbor's property. The owner accepts it; no repayment is due. yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.
12 But if the animal was in fact stolen from him, he must make restitution to its owner. Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li.
13 If it was torn apart, he must bring it as proof; he owes nothing for the torn animal. Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a.
14 "If someone borrows an animal from a neighbor and it's injured or dies without the owner present, full repayment is required. Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans.
15 If its owner was with it, he owes nothing; if the animal was hired, the fee covers the loss. Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li.
16 "If a man entices an unengaged virgin and sleeps with her, he must pay bride price and marry her. Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li.
17 If her father flatly refuses to give her to him, he must weigh silver equal to virgins' bride-price. Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk frè fiyanse a pou vyèj yo.
18 "You shall not allow a sorceress to live. Ou pa pou kite yon majisyen viv.
19 "Whoever has sexual relations with an animal must surely be put to death. Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.
20 "Whoever sacrifices to any god other than me alone must be completely destroyed. Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.
21 "Do not wrong or oppress a foreigner, for you were foreigners in the land of Egypt. Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
22 "You shall not mistreat any widow or orphan. Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.
23 If you do mistreat them, and they cry out to me, I will surely hear their cry. Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;
24 My anger will flare; I will kill you by the sword—your wives widows, your children fatherless. epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
25 "If you lend money to my people, the poor among you, don't be a creditor to him or charge him interest. Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
26 If you take your neighbor's cloak as a pledge, you must return it to him by sunset, Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche,
27 it's his only covering, his cloak for his skin. What will he sleep in? When he cries out to me, I'll hear, for I'm compassionate. paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
28 "You shall not speak evil of our Father, nor curse a ruler of your people. Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.
29 "Do not delay giving the fullness of your harvest and your juice. Give me the firstborn of your sons. Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.
30 Do the same with your ox and sheep: keep it with its mother seven days, then give it to me on the eighth day. Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.
31 "Be holy people to me. Do not eat meat torn by beasts in the field—throw it to the dogs." Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]