Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Don't spread a false report or join hands with the wicked as a malicious witness. Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
2 "Do not follow a majority to do wrong, or testify in a dispute siding with a majority to pervert justice, Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.
3 and do not show favoritism to a poor person in his lawsuit. Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.
4 "If you find your enemy's ox or his donkey straying, surely return it to him. Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li.
5 If you see your enemy's donkey collapsed under its load, don't leave it—help him free it. Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
6 "Do not deny justice to your poor in their lawsuits. Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
7 Keep far from false charges; do not kill the innocent and righteous, for I won't acquit the guilty. Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.
8 "Take no bribe—it blinds the clear-sighted and twists the words of the righteous. Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.
9 "Do not oppress a foreigner—you know a foreigner's heart, since you were foreigners in the land of Egypt. Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la.
10 "For six years you are to sow your land and gather its produce, Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li,
11 but the seventh year, release it and leave it unplowed, so the poor of your people may eat; what remains, wild animals may eat. Do the same for your vineyard and olive grove. men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo.
12 "Work six days; rest the seventh, so your ox and donkey may rest, and your slave woman's son and the foreigner may catch their breath. Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
13 "Be on guard for all I have said to you. Do not mention other gods' names; let them not be heard on your lips. Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.
14 "Three times a year you are to hold a festival to me. Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.
15 Keep the Festival of Unleavened Bread: eat unleavened bread seven days, as I commanded, at the set time in the month of Abib—for then you left Egypt. No one may appear before me empty-handed. Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.
16 Keep the Harvest Festival—firstfruits of your produce sown in the field—and the Ingathering Festival at the year's end, when you gather your produce from the field. Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
17 Three times a year all your males are to appear before the Sovereign Father. Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.
18 "Don't offer my sacrifice's blood with anything leavened, or leave the fat of my festival offering till morning. Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.
19 "Bring the best of your soil's firstfruits to your Father's house. Do not cook a young goat in its mother's milk. Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.
20 "See, I send a messenger before you to guard you on the way and bring you to the place I have prepared. “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.
21 Be on guard before him and obey his voice. Do not defy him—he won't forgive your rebellion, for my name is within him. Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.
22 But if you truly listen to his voice and do all I say, I will be enemy to your enemies, adversary to your foes. “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
23 My messenger will go ahead of you, bring you to the Amorites, Hittites, Perizzites, Canaanites, Hivites, and Jebusites, and I will wipe them out. Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.
24 Do not bow to their gods, serve them, or follow their practices. Tear them down completely and smash their sacred pillars to pieces. “Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.
25 You are to serve your Father, and he will bless your bread and your water; I will remove sickness from among you. Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou.
26 None will miscarry or be barren in your land; I will fill your days. P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
27 I will send my terror ahead of you, confuse every nation you meet, and make all your enemies turn their backs to you. “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.
28 I will send the hornet ahead of you, driving out the Hivites, Canaanites, and Hittites before you. Mwen va voye gèp devan nou pou yo pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou.
29 I won't drive them out before you in one year, or the land will become desolate and wild animals will multiply against you. Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou.
30 Little by little I will drive them out before you, until you multiply and possess the land. Mwen va pouse yo deyò devan nou mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a.
31 I will set your border from the Red Sea to the Philistine Sea, and from the wilderness to the River, for I will hand the land's people to you, and you will drive them out before you. “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
32 Do not make a covenant with them or with their gods. “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.
33 They must not live in your land, or they will make you sin against me—if you serve their gods, it will surely trap you." Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]