Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Now these are the regulations you are to set before them: Alò, sa yo se règleman ke ou va mete devan yo:
2 "When you buy a Hebrew servant, he serves six years; in the seventh he goes free, paying nothing. Si ou achte yon esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè.
3 "If he came in alone, he goes out alone; if married, his wife goes out with him. Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l.
4 If his master gives him a wife and she bears him sons or daughters, the wife and children belong to her master, and he goes out alone. Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl.
5 But if the servant clearly says, 'I love my master, my wife, and my children; I will not go out free,' Men si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,”
6 then his master brings him before our Father, then to the door or doorpost, and pierces his ear with an awl; he serves him for life. alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.
7 "When a man sells his daughter as a servant, she is not to go free as the male servants do. Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo kòn fè ak esklav mal yo.
8 If she does not please her master who chose her for himself, he must let her be redeemed. He may not sell her to a foreign people, since he has broken faith with her. Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis.
9 If he designates her for his son, he is to treat her as a daughter. Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo.
10 If he takes another wife, he must not reduce her food, her clothing, or her marital rights. Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa konjigal li.
11 If he does not provide these three things, she goes free, without payment of money. Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan.
12 "Whoever strikes a man so that he dies is to be put to death. Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò.
13 But if he did not lie in wait and I let it happen, I will appoint a place for you where he may flee. Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale.
14 But if a man plots against his neighbor to kill him by treachery, take him from my altar to die. Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.
15 "Whoever strikes his father or his mother is to be put to death. Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
16 "Whoever kidnaps a man and sells him, or is caught still holding him, must be put to death. Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
17 "Whoever curses his father or his mother is to be put to death. Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
18 "When men quarrel and one hits the other with a stone or fist, and the man does not die but is bedridden, Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li,
19 then if he gets up and walks outside with his staff, the one who struck him goes unpunished; he must only pay for lost time and for his full recovery. si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt.
20 "When a man strikes his male or female servant with a rod and the servant dies, he must be avenged. Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini.
21 But if he survives a day or two, no vengeance is taken, for the servant is his property. Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se pwòp byen li ke li ye.
22 "When men fight and strike a pregnant woman so that her child is born, but there is no further harm, the offender must be fined whatever the woman's husband demands, and pay as the judges decide. Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo.
23 But if there is further harm, then you are to give life for life, Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi,
24 eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,
25 burn for burn, wound for wound, bruise for bruise. brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
26 "If a man strikes the eye of his male or female servant and destroys it, he must free the servant to compensate for the eye. Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a.
27 If he knocks out his male or female servant's tooth, he must let them go free to compensate for the tooth. Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.
28 "If an ox gores a man or woman to death, it must be stoned and its meat not eaten, but its owner is not liable. Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini.
29 But if the ox was in the habit of goring and its owner was warned but did not pen it, and it kills a man or woman, the ox is stoned and its owner also is put to death. Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò.
30 If a ransom is required, he must pay whatever is demanded to spare his life. Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l,
31 Whether it gores a son or daughter, this same rule applies. Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la.
32 If the ox gores a male or female servant, the owner pays their master about twelve ounces of silver, and the ox is stoned. Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li trant sik lajan, e bèf la va lapide.
33 "If a man opens or digs a pit and leaves it uncovered, and an ox or donkey falls in, Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann,
34 the pit's owner must make it good, paying its owner money, and the dead animal is his. mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri a va vin pou li.
35 "When one man's ox injures another's so it dies, they sell the live ox, split the price, and split the dead animal too. Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an.
36 But if it was known the ox gored habitually and its owner did not keep it in, he must repay ox for ox, and the dead animal is his." Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]