Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father spoke all these words: Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di:
2 "I am your Father, who brought you out of Egypt's land, out of the house of slavery. “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
3 "Do not have any other gods before me. “Ou pa pou gen lòt dye devan M.
4 "Do not make yourself a carved image, or any likeness of what's in the heavens above, on earth below, or in water under the earth. “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
5 Do not bow down to them or serve them; I, your Father, am a jealous Father, bringing the parents' sin down on children to the third and fourth generation of those who hate me, “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
6 but showing covenant love to thousands of those who love me and keep my commandments. men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
7 "Do not take your Father's name in vain, for our Father will not hold guiltless anyone who takes his name in vain. “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
8 "Remember the Sabbath day, to keep it holy. Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
9 Six days you shall labor and do all your work, Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo,
10 but the seventh day is a Sabbath to your Father. Do no work on it—you, your son, your daughter, your male or female servant, your livestock, or the foreigner within your gates. men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
11 For in six days our Father made the heavens, the earth, the sea, and all in them, then rested the seventh day; so our Father blessed the Sabbath day and made it holy. Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
12 "Honor your father and your mother, so your days are long in the land your Father is giving you. Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
13 "Do not murder. Ou pa pou touye moun.
14 "Do not commit adultery. Ou pa pou fè adiltè.
15 "Do not steal. Ou pa pou vòlè.
16 "Do not give false testimony against your neighbor. Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
17 "Do not crave your neighbor's house. Do not crave your neighbor's wife, his male or female servant, his ox or donkey, or anything that is your neighbor's." Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
18 All the people saw the thunder, the lightning flashes, the trumpet blast, and the mountain smoking. Seeing it, they trembled and stood at a distance. Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.
19 They said to Moses, "You speak with us, and we'll listen. But don't let our Father speak with us, or we'll die." Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
20 Moses said to the people, "Do not be afraid; our Father has come to test you, so his fear will remain with you, and you will not sin." Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
21 The people stayed back, while Moses approached the thick darkness where our Father was. Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
22 Then our Father said to Moses, "Tell the Israelites: You have seen for yourselves that I have spoken with you from heaven. Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.
23 Do not make gods of silver to be alongside me, nor make for yourselves gods of gold. Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
24 Make me an altar of earth, and on it sacrifice your burnt and peace offerings, your flocks and herds. Wherever I have my name remembered, I will come to you and bless you. “‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
25 If you make me an altar of stone, do not build it of cut stones, for wielding your tool on it desecrates it. “‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò.
26 Do not go up steps to my altar, so your nakedness isn't exposed on it." Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou nidite nou pa parèt a li.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]