Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the third month after the Israelites left Egypt, on that same day, they came to the Sinai wilderness. Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè Sinaï a.
2 They left Rephidim, reached the wilderness of Sinai, and camped there; Israel camped facing the mountain. Lè yo te pati soti Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.
3 Moses went up to our Father, and our Father called to him from the mountain, saying, "Say this to the house of Jacob, tell the Israelites: Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo:
4 You have seen what I did to Egypt, how I carried you on eagles' wings and brought you to myself. ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm.
5 Now, if you truly obey my voice and keep my covenant, you will be my treasured possession out of all peoples—for the whole earth is mine. Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.
6 You will be my kingdom of priests, a holy nation. These are the words you must speak to the Israelites." Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
7 Moses came, called the people's elders, and set before them all the words our Father had commanded him. Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li.
8 All the people answered together, "We will do everything our Father has said." Moses brought their words back to our Father. Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
9 Our Father told Moses, "I am coming to you in a thick cloud, so the people hear when I speak with you, and trust you forever." Then Moses reported the people's words to our Father. SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
10 Our Father said to Moses, "Go to the people, dedicate them today and tomorrow; have them wash their clothes. SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo;
11 Be ready by the third day, for on it I will come down on Mount Sinai before all the people's eyes. epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
12 Mark off a boundary for the people all around, saying, 'Be careful not to go up on the mountain or touch its edge. Whoever touches the mountain will certainly be put to death.' “Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.
13 No hand may touch him—he must be stoned or shot with an arrow. Whether animal or human, he must die. When the ram's horn sounds long, they may go up the mountain." Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.”
14 Moses came down from the mountain to the people, consecrated them, and they washed their clothes. Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo.
15 And he said to the people, "Be ready for the third day; have no sexual relations." Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.”
16 On the third morning, thunder and lightning came, a thick cloud covered the mountain, and a very loud trumpet blast made all the camp's people tremble. Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.
17 Moses led the people out of the camp to meet our Father, and they stood at the foot of the mountain. Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan.
18 Mount Sinai was all smoke, because our Father descended on it in fire. Smoke rose like smoke from a furnace, and the whole mountain shook violently. Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
19 As the trumpet sound grew louder and louder, Moses spoke, and our Father answered him in thunder. Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e Bondye te reponn avèk tonnè.
20 Our Father came down on Mount Sinai, to the mountaintop, and our Father called Moses up to the mountaintop; Moses went up. SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.
21 And our Father said to Moses, "Go down and warn the people not to break through to look at me, or many will die. SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri.
22 Priests who come near me must also dedicate themselves, or I may break out against them." Osi, ke prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.”
23 Moses said to our Father, "The people can't come up to Mount Sinai, for you yourself warned us, saying, 'Set limits around the mountain and dedicate it.'" Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’”
24 And our Father said to him, "Go down, then come up with Aaron. Don't let the priests and the people break through to come up to me, or I will break out against them." Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.”
25 So Moses went down to the people and told them. Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]