Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jethro, priest of Midian, Moses' father-in-law, heard all our Father did for Moses and Israel his people, bringing Israel out of Egypt. Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
2 Now Jethro, Moses' father-in-law, had taken in Zipporah, Moses' wife, after Moses had sent her home, Jéthro, bòpè Moïse la, te pran Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale,
3 with her two sons—one named Gershom, for Moses said, "I was a foreigner in a foreign land," ansanm avèk de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
4 the other was named Eliezer, for he said, "the God of my father helped me, and rescued me from Pharaoh's sword." Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
5 Jethro, Moses' father-in-law, came with Moses' sons and wife to him at his wilderness camp, the mountain of our Father. Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a.
6 He said to Moses, "I, your father-in-law Jethro, am coming with your wife and her two sons." Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
7 Moses went out to meet his father-in-law, bowed, and kissed him. They greeted each other and asked after each other's welfare, then went into the tent. Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.
8 Moses told his father-in-law all our Father had done to Pharaoh and Egypt for Israel, every hardship they faced on the way, and how he rescued them. Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.
9 Jethro rejoiced over all the good our Father had done for Israel, rescuing them from Egypt's hand. Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.
10 Jethro said, Blessed is our Father, who rescued you from Egypt's hand and Pharaoh's hand, who rescued the people from under Egypt's hand. Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.
11 Now I know our Father is greater than all gods, for he overcame them in what they were arrogant about. Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
12 Jethro, Moses' father-in-law, took a burnt offering and sacrifices for our Father; Aaron and all Israel's elders came to eat bread with Moses' father-in-law before our Father. Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
13 The next day Moses sat to judge the people, who stood around him from morning to evening. Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.
14 When his father-in-law saw all he did for the people, he said, "What is this you're doing? Why sit alone, everyone standing around you from morning to evening?" Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
15 Moses said to his father-in-law, "Because the people come to me to seek our Father; Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.
16 when they dispute, they come to me; I judge between one and their neighbor, and explain our Father's statutes and laws." Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
17 Moses' father-in-law said to him, "What you are doing is not good. Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon.
18 You and these people will wear out—the task's too heavy for you; you can't do it alone. Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
19 Now listen to me: I'll advise you—may our Father be with you. Represent the people before him and bring their cases to him. “Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.
20 Warn them of the statutes and laws, and show the way to walk and work to do. Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
21 From all the people, select capable men who fear our Father, truthful and hating unjust gain; set them as leaders of thousands, of hundreds, of fifties, and of tens. “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.
22 Let them judge the people at all times, bringing you every major matter but deciding every minor matter themselves—lightening your load as they carry it with you. Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. “Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou.
23 If you do this and our Father commands you, you'll endure, and all these people will go to their place in peace." Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
24 So Moses listened to his father-in-law and did all that he had said. Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo.
25 Moses chose able men from all Israel and made them heads over the people—leaders of thousands, of hundreds, of fifties, and of tens. Moïse te chwazi mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn.
26 They judged the people at all times, bringing hard cases to Moses but judging small matters themselves. Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
27 Then Moses sent his father-in-law on his way, and he went back to his own land. Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]