Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Remember your Creator in the days of your youth, before the days of trouble come and the years draw near of which you will say, "I find no pleasure in them," Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”
2 before the sun and the light and the moon and the stars grow dark, and the clouds return after the rain; Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa, e nwaj yo retounen apre lapli yo;
3 on the day when the house's guardians tremble, and the strong men stoop, and the grinding women fall idle because so few remain, and those peering through the windows go dark; nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sa yo k ap moule a rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
4 when the doors on the street are shut and the sound of the grinding grows faint; when one rises at the sound of a bird, and all the daughters of song are brought low; Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, e yon moun va leve ak son zwazo a, epi tout fi chanson yo va rete ba.
5 when they are afraid of heights, and terrors lie in the road; when the almond tree blossoms, and the grasshopper drags itself along, and desire fails—because man goes to his eternal home, and the mourners go about the streets; Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas ak gwo danje k ap vini a. Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la, e dezi gason an pa ka. Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a, pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
6 before the silver cord is snapped, or the golden bowl is shattered, or the pitcher is broken at the spring, or the wheel is broken at the well, Sonje Li avan kòd ajan an kase, e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann, e wou sitèn nan vin kraze.
7 and the dust returns to the earth as it was, and the spirit returns to God who gave it. Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
8 "Utterly fleeting," says the Teacher. "Everything is fleeting." “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
9 The Teacher was wise, and also taught people knowledge—weighing, searching, arranging many proverbs. Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
10 The Teacher sought to find pleasing words, and what he wrote was upright and true. Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.
11 Wise sayings are like goads; collected proverbs, like firmly driven nails—given by one Shepherd. Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Beyond these, my son, be warned: making many books has no end, and much study wears out the body. Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.
13 End of the matter, all heard: fear God, keep his commands—this is a person's whole duty. Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.
14 For God will bring every deed into judgment, including every hidden thing, whether good or evil. Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]