Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Carefully obey every commandment I'm giving you today, so you may live, multiply, enter, and possess the land our Father swore to your ancestors. “Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.
2 Remember the whole way your Father led you these forty years in the wilderness, to humble and test you, to know what was in your heart—whether you would keep his commandments or not. “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.
3 He humbled you, made you hungry, then fed you manna which neither you nor your ancestors knew, to teach you that man does not live by bread alone, but by every word from the mouth of our Father. “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.
4 Your clothing did not wear out on you, nor your feet swell, these forty years. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo.
5 Know then in your heart that, as a man disciplines his son, so your Father disciplines you. Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
6 So keep the commandments of your Father, walking in his ways and fearing him. “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li.
7 For your Father is bringing you into a good land—a land of streams, springs, and deep waters flowing through valleys and hills, Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo;
8 a land of wheat and barley, vines, figs, and pomegranates; a land of olive oil and honey. yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl;
9 A land where you'll eat bread without scarcity, lacking nothing—a land of iron stone, whose hills you'll dig for copper. yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladann l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
10 When you have eaten and are full, you are to bless your Father for the good land he gave you. “Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an.
11 Be careful not to forget your Father, failing to keep his commandments, rules, and statutes I command you today, Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.
12 for when you have eaten and are full, and have built fine houses and live in them, Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo,
13 and your herds and flocks multiply, your silver and gold multiply, and all you have multiplies, epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye,
14 then your heart grows proud, and you forget your Father, who brought you from the land of Egypt, from the house of slavery, alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
15 who led you through that vast, dreadful wilderness of venomous snakes and scorpions, of drought and no water, who brought you water out of flint rock, Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la.
16 who fed you manna in the wilderness, unknown to your ancestors, to humble and test you, and in the end do you good. Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou.
17 Watch out—don't say in your heart, "My power, my hand's strength, made this wealth for me." Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.”
18 Remember your Father, for he gives you power to gain wealth, to confirm his covenant that he swore to your ancestors, as it is today. Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
19 But if you ever forget your Father, go after other gods, serve and bow down to them, I testify against you today: you will surely perish. Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri.
20 Like the nations our Father destroys before you, you too will perish, since you would not obey your Father's voice. Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]