Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When your Father brings you into the land you're entering to possess, and drives out many nations ahead of you—Hittites, Girgashites, Amorites, Canaanites, Perizzites, Hivites, and Jebusites—seven nations bigger and stronger than you. “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;
2 When your Father gives them to you and you defeat them, you must devote them to complete destruction. Make no covenant with them, show them no mercy. epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.
3 Don't intermarry with them—don't give your daughters to their sons or take their daughters for your sons. Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo.
4 For they will turn your children from following me to serve other gods; our Father's anger will burn against you, and he will quickly destroy you. Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.
5 Instead, do this to them: tear down their altars, smash their sacred pillars, cut down their Asherah poles, and burn their carved images with fire. Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.
6 You are a people holy to your Father; your Father chose you from all peoples on earth to be his people, his treasured possession. Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
7 Your Father loved and chose you not because you outnumbered other peoples—you were the fewest of all peoples. “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo,
8 But because your Father loves you and keeps his oath sworn to your fathers, he brought you out with a mighty hand and redeemed you from the house of slavery, from the hand of Pharaoh king of Egypt. men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
9 Know: your Father is our Father, the faithful One who keeps covenant and faithful love for 1,000 generations, for those who love him and keep his commands, “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
10 but repays haters to their face, destroying them; he is not slow to repay a hater to his face. men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
11 So keep the commandment—the statutes and the rules—that I am commanding you today, and carry them out. “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.
12 Because you listen to these rules, keeping and doing them, your Father will keep for you the covenant and faithful love sworn to your fathers. “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.
13 He will love you, bless you, multiply you—bless the fruit of your womb and the fruit of your ground: grain, new wine, oil, the increase of your herds, the young of your flock—in the land he swore to your fathers to give you. Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.
14 You will be blessed above all peoples; none among you, male or female, will be barren, nor your livestock. Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.
15 Your Father will remove all sickness from you, putting none of Egypt's evil diseases you knew on you, but on all who hate you. “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li pa p mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.
16 Destroy all the peoples your Father gives you. Don't pity them or serve their gods—that will trap you. Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.
17 If you think, 'These nations are greater than I; how can I drive them out?' “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’
18 do not fear them. Remember well what your Father did to Pharaoh and to all Egypt: nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:
19 the great trials your eyes saw, the signs and wonders, the strong hand and outstretched arm by which your Father brought you out. Your Father will do the same to all peoples you fear. Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo.
20 Your Father will send the hornet among them until those remaining and hiding from you die. “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri.
21 Do not dread them, for your Father is among you, a great and awesome our Father. Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.
22 Your Father will drive out these nations before you slowly. You cannot finish them quickly, or wild animals will multiply against you. “SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou.
23 Your Father will hand them over to you, throwing them into great confusion until they are destroyed. Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi.
24 He will give their kings into your hand, and you will erase their name from under heaven. No one will be able to stand against you until you destroy them. Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.
25 Burn their gods' carved images with fire. Don't crave the silver or gold on them or take it for yourself, or you'll be trapped by it—it is detestable to your Father. “Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.
26 Do not bring a detestable thing home, or you will be devoted to destruction like it. Detest it, despise it, for it is devoted to destruction. Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]