Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the commandment—statutes and judgments—your Father commanded me to teach you, so you may do them in the land you are crossing over to possess. “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a,
2 So you may honor your Father, keeping all his statutes and commands I give you—you, your children, your grandchildren—all the days of your life, and so you may live long. pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
3 Listen, Israel, and carefully do them, so it goes well for you and you multiply greatly in a land flowing with milk and honey, as our Father, the God of your fathers, promised you. “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
4 Hear, Israel: our Father is one. “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!
5 Love your Father with all your heart, with all your soul, and with all your strength. Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
6 And these words that I command you today are to be on your heart. Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou.
7 Teach them diligently to your children, and talk about them when you sit in your house and when you walk along the road, when you lie down and when you get up. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
8 Bind them as a sign on your hand, and let them be as bands on your forehead; Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou.
9 and write them on the doorposts of your house and on your gates. Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
10 When your Father brings you to the land he swore to your fathers—Abraham, Isaac, and Jacob—to give you big, good cities you didn't build, “Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati,
11 houses full of every good thing you didn't fill, cisterns already dug you didn't dig, vineyards and olive trees you didn't plant—and when you eat and are satisfied. epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè;
12 Be careful not to forget our Father, who brought you out of the land of Egypt, out of the house of slavery. alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
13 You are to honor your Father and serve him, and you are to swear by his name. “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.
14 Do not follow other gods, the gods of the peoples around you, Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,
15 for your Father among you is a jealous Father, or his anger will flare against you and wipe you off the face of the earth. paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
16 Do not test your Father as you tested him at Massah. “Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a.
17 Diligently keep your Father's commandments, his testimonies, and his statutes he commanded you. “Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
18 Do what is right and good in our Father's eyes, so it goes well for you, and you enter and possess the good land our Father swore to give your fathers, “Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo,
19 driving out all your enemies before you, as our Father has spoken. lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
20 When your child someday asks you, 'What are the testimonies and statutes and judgments our Father commanded you?' “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’
21 Then tell your child: 'We were slaves to Pharaoh in Egypt, and our Father brought us out of Egypt with a mighty hand. Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
22 Our Father gave great and terrifying signs and wonders against Egypt, Pharaoh, and his whole household, before our eyes. Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li.
23 He brought us out from there to bring us in and give us the land he swore to our fathers. Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’
24 And our Father commanded us to do all these statutes, to honor our Father, for our good always, to keep us alive, as we are today. “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a.
25 It will be righteousness for us if we keep and do all this commandment before our Father, as he commanded us.' Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]