Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 All the tribes of Israel came to David at Hebron and said, "We are your own flesh and blood. Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.
2 Before, when Saul was our king, you led Israel out and brought them home. And our Father told you, 'You will shepherd my people Israel and be ruler over Israel.'" Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”
3 All Israel's elders came to the king at Hebron, where King David made a covenant with them before our Father, and they anointed David king over Israel. Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.
4 David was thirty years old when he became king, and he reigned forty years. David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan.
5 In Hebron he reigned over Judah seven years and six months, and in Jerusalem thirty-three years over all Israel and Judah. Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
6 Then the king and his men marched on Jerusalem against the Jebusites living there. They taunted David, "You'll never get in here; even the blind and lame can turn you back"—thinking, "David can't get in here." Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.”
7 Nevertheless David captured the stronghold of Zion, that is, the city of David. Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”.
8 That day David said, "Whoever strikes down a Jebusite must reach the water shaft to strike the lame and blind, hated by David's soul." So they say, "The blind and lame won't enter the house." David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
9 David settled in the stronghold and named it the City of David. He built up the area all around, from the Millo inward. Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan.
10 And David grew greater and greater, for our Father, the God of heaven's armies, was with him. David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.
11 Hiram king of Tyre sent David messengers, cedar logs, carpenters, and stonemasons, and they built David a house. Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.
12 David knew our Father had established him as king over Israel and had exalted David's kingdom for the sake of our Father's people Israel. Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
13 After leaving Hebron, David took more concubines and wives from Jerusalem, and more sons and daughters were born to him. Antretan, David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David.
14 These are the names of the children born to him in Jerusalem: Shammua, Shobab, Nathan, and Solomon, Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
15 Ibhar, Elishua, Nepheg, Japhia, Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia,
16 Elishama, Eliada, and Eliphelet. Élischama, Éliada, Éliphéleth.
17 When the Philistines heard David had been anointed king over Israel, they all marched up to look for him. But David heard of it and went down to the stronghold. Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.
18 Now the Philistines had come and spread out across the Valley of Rephaim. Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan.
19 David asked our Father, "Should I attack the Philistines? Will you hand them over to me?" And our Father answered David, "Go ahead—I will surely hand the Philistines over to you." Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
20 So David went to Baal-perazim and defeated them there. He said, "Our Father has burst through my enemies before me like a bursting flood." So he named that place Baal-perazim. Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.
21 The Philistines abandoned their idols there, and David and his men carried them off. Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.
22 Once more the Philistines came up and spread out across the Valley of Rephaim. Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan.
23 When David asked our Father, he answered, "Don't go straight up. Circle behind them and attack them opposite the balsam trees. Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.
24 As soon as you hear marching in the tops of the balsam trees, move fast, for then your Father will have gone out ahead of you to strike down the Philistine camp." Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
25 So David did exactly as our Father had commanded, striking down the Philistines from Geba to Gezer. Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]