Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once again David gathered all the chosen men of Israel, 30,000. Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil.
2 David set out with all his people from Baale-judah to bring up from there the ark of our Father, called by the Name, the name of the Father of heaven's armies seated on the cherubim. Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa Non an, vrè non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an.
3 They put the ark of our Father on a new cart and brought it from Abinadab's house on the hill; Uzzah and Ahio, sons of Abinadab, drove the new cart, Yo te plase lach Bondye a sou yon kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la.
4 with the ark of our Father, and Ahio walked ahead of the ark. Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la.
5 David and all the house of Israel celebrated before our Father with all their might—songs, lyres, harps, tambourines, castanets, and cymbals. Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk lap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.
6 When they arrived at Nacon's threshing floor, Uzzah reached out and grabbed our Father's ark, for the oxen had stumbled. Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe.
7 The anger of our Father burned against Uzzah; he struck him there for his irreverence, and he died there beside the ark of our Father. Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a.
8 David was angry that our Father broke out against Uzzah; the place is still called Perez-uzzah today. David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a.
9 David feared our Father that day and said, "How can the ark of our Father come to me?" Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”
10 David refused to bring the ark of our Father into the City of David, taking it instead to Obed-edom the Gittite's house. Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay Obed-Édom, Gatyen an.
11 The ark of our Father stayed three months in Obed-edom the Gittite's house, and our Father blessed Obed-edom and his whole household. Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li.
12 King David was told, "Our Father has blessed Obed-edom's household and all he owns because of the ark." So David went and brought the ark of our Father up from Obed-edom's house to the city of David, rejoicing. Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan.
13 When those carrying our Father's ark had gone six steps, David sacrificed an ox and a fattened calf. Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra.
14 Then David danced before our Father with all his might, wearing a linen ephod. Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
15 David and all the house of Israel brought up the ark of our Father with shouts and ram's-horn blasts. Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
16 As the ark of our Father entered the city of David, Michal, Saul's daughter, looked down from the window and saw King David leaping and dancing before our Father—and despised him in her heart. Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.
17 They brought in the ark of our Father, set it in its place inside the tent David had pitched for it, and David offered burnt and peace offerings before our Father. Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
18 Once David finished offering burnt offerings and peace offerings, he blessed the people in the name of the Father of heaven's armies. Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a.
19 He gave all the people—Israel's whole crowd, man and woman alike—to each one a loaf of bread, a date cake, and a raisin cake. Then everyone went, each to his own home. Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.
20 When David returned to bless his own household, Michal the daughter of Saul came out to meet him and said, "How the king of Israel has honored himself today, uncovering himself before the eyes of the household servant girls, as any vulgar man would shamelessly uncover himself!" Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”
21 David told Michal, "It was before our Father, who chose me over your father and all his house to make me ruler over our Father's people, over Israel. So I will celebrate before him. Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a.
22 I will humble myself even more than this, low in my own eyes; but with the maidservants you spoke of, with them I will be honored." Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”
23 And Michal the daughter of Saul had no child until the day she died. Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]