Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Again the anger of our Father burned against Israel, and he incited David against them, saying, "Go, take a census of Israel and Judah." Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.”
2 So the king said to Joab, the commander of the army who was with him, "Go now throughout all the tribes of Israel, from Dan to Beersheba, and count the people, so that I may know the number of the people." Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
3 But Joab said to the king, "May your Father add to the people one hundred times as many as they are, and may the eyes of my lord the king see it. But why does my lord the king want to do this thing?" Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
4 But the king's command overruled Joab and the commanders of the army. So Joab and the commanders of the army left the king's presence to count the people of Israel. Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la.
5 They crossed the Jordan and camped near Aroer, south of the city that lies in the middle of the valley, toward Gad and on to Jazer. Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer.
6 Then they came to Gilead and to the region of Tahtim-hodshi, and they came to Dan-jaan and around to Sidon, Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Sidon an.
7 and came to the fortress of Tyre and to all the cities of the Hivites and the Canaanites, and they went out to the Negev of Judah at Beersheba. Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba.
8 So when they had gone through all the land, they came to Jerusalem at the end of nine months and twenty days. Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou.
9 Joab reported the census count to the king: in Israel there were 800,000 valiant men who drew the sword, and Judah had 500,000. Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
10 But David's heart struck him after he had counted the people. And David said to our Father, "I have sinned greatly in what I have done. Now, my Father, please take away the guilt of your servant, for I have acted very foolishly." Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
11 When David rose in the morning, the word of our Father came to the prophet Gad, David's seer: Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di:
12 "Go and say to David, 'This is what our Father says: I am holding three things over you. Choose one of them, and I will carry it out against you.'" “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”
13 So Gad came to David and told him, asking, "Will three years of famine come upon your land? Or will you flee three months before your enemies while they pursue you? Or will there be three days of plague in your land? Now think it over and decide what answer I should bring back to the one who sent me." Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
14 Then David said to Gad, "I am in deep distress. Let us fall into the hand of our Father, for his compassion is very great; but do not let me fall into the hand of man." Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
15 So our Father sent a plague upon Israel from the morning until the appointed time, and 70,000 of the people from Dan to Beersheba died. Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.
16 But when the angel stretched out his hand toward Jerusalem to destroy it, our Father relented from the disaster and said to the angel who was destroying the people, "Enough! Now stay your hand." The angel of our Father was then by the threshing floor of Araunah the Jebusite. Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
17 When David saw the angel who was striking the people, he spoke to our Father and said, "Look, I am the one who has sinned; I am the one who has done wrong. But these sheep, what have they done? Please, let your hand fall on me and on my father's house." Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
18 That day Gad came to David and said to him, "Go up and raise an altar to our Father on the threshing floor of Araunah the Jebusite." Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
19 So David went up, according to the word of Gad, as our Father had commanded. David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a.
20 When Araunah looked down and saw the king and his servants coming toward him, he went out and bowed before the king with his face to the ground. Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a.
21 And Araunah said, "Why has my lord the king come to his servant?" David replied, "To buy the threshing floor from you, to build an altar to our Father, so that the plague may be held back from the people." Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?” David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”
22 Araunah said to David, "Let my lord the king take and offer up whatever seems good to him. Look, here are the oxen for the burnt offering, and the threshing sledges and the ox yokes for the wood. Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a.
23 All this, O king, Araunah gives to the king." And Araunah said to the king, "May the LORD your God accept you." Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”
24 But the king said to Araunah, "No, I insist on buying it from you for a price. I will not offer to my Father burnt offerings that cost me nothing." So David bought the threshing floor and the oxen for about one.Two pounds of silver. Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.
25 And David built an altar there to our Father and offered burnt offerings and peace offerings. So our Father responded to the plea for the land, and the plague was held back from Israel. David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]