Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 King David was old, advanced in years. They covered him with clothes, but he couldn't get warm. Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.
2 His servants told him, "Find a young virgin for my lord the king to serve and care for him. Let her lie in your arms, so my lord the king stays warm." Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.”
3 They searched all Israel for a beautiful young woman, found Abishag the Shunammite, and brought her to the king. Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.
4 The young woman was very beautiful. She became the king's caregiver and served him, but he had no relations with her. Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.
5 Adonijah son of Haggith pushed himself forward, saying, "I will be king," and got chariots, horsemen, and fifty men to run ahead of him. Alò, Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l.
6 His father never at any time corrected him, asking, "Why have you done this?" He too was very handsome, born next after Absalom. Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom.
7 He conferred with Joab son of Zeruiah and Abiathar the priest, who supported Adonijah and helped him. Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li.
8 But Zadok the priest, Benaiah son of Jehoiada, Nathan the prophet, Shimei, Rei, and David's warriors weren't with Adonijah. Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
9 Adonijah sacrificed sheep, oxen, and fattened cattle by Zoheleth stone near En-rogel, inviting all his brothers, the king's sons, and all Judah's royal officials. Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo.
10 But he did not invite Nathan the prophet, Benaiah, the mighty men, or Solomon his brother. Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.
11 Nathan asked Bathsheba, Solomon's mother, "Haven't you heard Adonijah son of Haggith reigns, and our lord David doesn't know? Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa?
12 Now come, let me advise you, so you can save your own life and your son Solomon's life. Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.
13 Go at once to King David and say, 'My lord king, didn't you swear to your servant, "Solomon your son will reign after me, and he will sit on my throne"? Why then does Adonijah reign?' Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’
14 While you're still speaking there with the king, I'll come in behind you and confirm your words." Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”
15 Bathsheba went in to the king in his room—he was very old, and Abishag the Shunammite was serving him. Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a.
16 Bathsheba bowed low and paid homage to the king, and the king said, "What do you want?" Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”
17 She said to him, "My lord, you yourself swore to your servant by your Father, saying, 'Solomon your son will reign after me and sit on my throne.' Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.”
18 But now Adonijah is king, and you, my lord the king, don't know it. Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen.
19 He sacrificed oxen, fattened cattle, and many sheep, and invited all the king's sons, Abiathar the priest, and Joab the army commander, but not Solomon your servant. Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a.
20 My lord the king, all Israel's eyes are on you to tell them who will sit on my lord the king's throne after him. Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li.
21 Otherwise, when my lord the king rests with his fathers, my son Solomon and I will be counted guilty." Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
22 While she was still speaking with the king, Nathan the prophet arrived. Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre.
23 They told the king, "Nathan the prophet is here." He entered and bowed to the king with his face to the ground. Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè.
24 Nathan said, "My lord the king, did you say, 'Adonijah will reign after me and sit on my throne'? Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’?
25 Today he went down and sacrificed oxen, fattened cattle, and many sheep, inviting all the king's sons, the army commanders, and Abiathar the priest. They're eating and drinking before him, shouting, 'Long live King Adonijah!' Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’
26 But me your servant, Zadok the priest, Benaiah son of Jehoiada, and your servant Solomon—Adonijah didn't invite. Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou.
27 Did my lord the king order this without telling us servants who will sit on his throne after him?" Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”
28 King David answered, "Call Bathsheba to me." She came before the king and stood in his presence. Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a.
29 The king swore: "As our Father lives, who rescued my life from every distress, Wa a te sèmante. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub,
30 as I swore to you by our Father, the God of Israel, Solomon your son will reign after me and sit on my throne in my place—I will do today." anverite, jan mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
31 Bathsheba bowed face to ground, prostrated before the king, and said, "May my lord King David live forever!" Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: “Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
32 King David said, "Summon Zadok the priest, Nathan the prophet, and Benaiah son of Jehoiada." They came before the king. Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a.
33 The king said to them, "Take your lord's servants, put my son Solomon on my own mule, and bring him down to Gihon. Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon.
34 Have Zadok the priest and Nathan the prophet anoint him king over Israel there; sound the horn, shout, 'Long live King Solomon!' Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’
35 Then come up after him, and he will come and sit on my throne and reign in my place, for I have appointed him ruler over Israel and Judah." Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”
36 Benaiah son of Jehoiada answered the king, "Amen! May our Father, God of my lord the king, confirm it. Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale.
37 As our Father was with my lord the king, so may he be with Solomon, and make his throne greater than my lord King David's throne." Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!
38 Zadok the priest, Nathan the prophet, Benaiah son of Jehoiada, and the Cherethites and Pelethites went down, put Solomon on King David's mule, and brought him to Gihon. Konsa Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon.
39 Zadok the priest took the oil horn from the tent and anointed Solomon. They blew the trumpet, and everyone shouted, "Long live King Solomon!" Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
40 All the people went up after him, playing flutes, rejoicing greatly, and the ground split with their noise. Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo.
41 Adonijah and all his guests heard it, finishing their meal. Hearing the horn, Joab asked, "Why is the city in an uproar?" Alò, Adonaja avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
42 He was still speaking when Jonathan son of Abiathar the priest arrived. Adonijah said, "Come in—you're a worthy man, and surely bring good news." Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”
43 But Jonathan said to Adonijah, "No—our lord King David has made Solomon king. Men Jonathan te reponn a Adonaja: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa.
44 The king sent Zadok the priest, Nathan the prophet, Benaiah son of Jehoiada, and the Cherethites and Pelethites with him; they set him on the king's mule. Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a.
45 Zadok the priest and Nathan the prophet anointed him king at Gihon, and came up from there celebrating; the city roars—that's the noise you heard. Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a.
46 And Solomon has even taken his seat on the royal throne. Anplis menm, Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan.
47 The king's servants also came to congratulate our lord King David: 'May your Father make Solomon's name greater than yours, his throne greater than yours.' Then the king bowed on his bed. Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi wa a te bese sou kabann nan.
48 The king also said, 'Blessed be our Father, God of Israel, who today gave someone to sit on my throne, my own eyes seeing it.'" Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”
49 Then all of Adonijah's guests were terrified. They rose and scattered, each going his own way. Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo.
50 But Adonijah, afraid of Solomon, got up, went, and took hold of the altar's horns. Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.”
51 Solomon was told, "Adonijah fears you and has grabbed the altar's horns, saying, 'Let King Solomon swear to me first not to kill his servant by the sword.'" Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’”
52 Solomon said, "If he is worthy, not a hair of his will fall to the ground; if evil is found in him, he dies." Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
53 King Solomon sent for him, and they brought him down from the altar. He came and bowed to King Solomon, and Solomon said, "Go home." Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]