Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the time drew near for David to die, he charged Solomon his son: Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di:
2 "I am about to go the way of all the earth. Be strong and prove yourself a man. “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye.
3 Keep the charge of your Father: walk in his ways and keep his statutes, commandments, judgments, and testimonies, as written in the law of Moses, so you prosper in all you do, wherever you turn, Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire.
4 so that our Father will confirm the word he spoke about me: 'If your sons guard their way, walking before me faithfully with all their heart and all their soul, you will never lack a man on Israel's throne.' Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’
5 You also know what Joab son of Zeruiah did to me—what he did to Israel's two army commanders, Abner son of Ner and Amasa son of Jether. He killed them, shedding the blood of war in peacetime, and he put the blood of war on the belt at his waist and the sandals on his feet. “Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a de chèf lame Israël yo, a Abner, fis a Ner a ak Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li.
6 Act by your wisdom; don't let his gray head go down to the grave in peace. Pou sa, aji konsa, selon sajès ou e pa kite cheve blanch li desann nan sejou lanmò yo anpè.
7 Show kindness to the sons of Barzillai the Gileadite; let them be among those who eat at your table, for they stood by me when I fled from Absalom your brother. Men montre ladousè a fis a Barzillaï yo, Galaadit la, e kite yo pami sila ki manje sou tab ou yo, paske yo te ede mwen lè m te sove ale kite Absalom, frè ou a.
8 With you is Shimei son of Gera, the Benjamite from Bahurim, who cursed me bitterly the day I went to Mahanaim. But he came down to meet me at the Jordan, and I swore to him by our Father, 'I will not kill you with the sword.' “Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’
9 So do not let him go unpunished. You are wise; you will know what to do to him—bring his gray head down to the grave in blood." Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.”
10 Then David rested with his fathers and was buried in the city of David. Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.
11 David reigned over Israel forty years: in Hebron seven years, in Jerusalem thirty-three. Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem.
12 So Solomon sat on the throne of David his father, and his kingdom was firmly established. Epi Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid.
13 Adonijah son of Haggith came to Bathsheba, Solomon's mother. "Do you come in peace?" she asked. "In peace," he said. Alò Adonija, fis a Haggith la, te vini a Bath-Schéba, manman a Salomon. Bath-Schéba te mande: “Èske ou vini anpè?” Adonija te di, “Anpè.”
14 Then he said, "I have something to say to you." "Say it," she replied. Epi li te di: “Mwen gen yon bagay pou mande ou.” Bath-Schéba te di: “Pale.”
15 He said, "You know the kingdom was mine, and all Israel looked to me to reign. But it has turned and become my brother's, for it was his from our Father. Konsa li te di: “Ou konnen ke wayòm nan te pou mwen e ke tout Israël te sipoze ke se mwen ki t ap wa. Sepandan, wayòm nan te chavire e li te vin devni pou frè m, paske depi nan SENYÈ a, se te pou li.
16 Now I have one request to make of you; do not refuse me." "Say it," she said. Alò, se yon sèl bagay ke m ta mande a ou menm; pa refize mwen.” Epi li te di li: “Pale.”
17 He said, "Please ask King Solomon—he won't refuse you—to give me Abishag the Shunammite as my wife." Alò, li te di: “Souple, pale avèk Salomon, wa a, paske li p ap refize ou, pou li kapab ban mwen Abischag, Sinamit la, kòm madanm.”
18 "Very well," Bathsheba said, "I will speak to the king for you." Bath-Schéba te di li: “Trè byen; mwen va pale avèk wa a pou ou.”
19 Bathsheba went to King Solomon to speak to him for Adonijah. The king rose to meet her, bowed to her, and sat on his throne. He had a throne set for the king's mother, and she sat at his right. Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.
20 She said, "I have one small request; don't refuse me." The king said, "Ask, my mother; I won't refuse you." Alò, li te di: “Mwen ap fè yon sèl ti demann a ou menm; pa refize mwen.” Epi wa a te di a li: “Mande manman m, paske mwen p ap refize ou.”
21 So she said, "Let Abishag the Shunammite be given to Adonijah your brother as his wife." Konsa, li te di: “Kite Abischag Sinamit lan, vin bay a Adonija, frè ou a, kòm madanm.”
22 King Solomon answered his mother, "Why do you ask Abishag the Shunammite for Adonijah? Ask the kingdom for him too—he's my older brother—for him, Abiathar the priest, and Joab son of Zeruiah!" Wa Salomon te reponn li, e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!”
23 Then King Solomon swore by our Father: "May he do so to me, and more, if Adonijah has not spoken this word against his own life! Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li.
24 Now then, as surely as our Father lives—who established me, set me on the throne of David my father, and made me a house as he promised—Adonijah will be put to death today." Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.”
25 So King Solomon sent Benaiah son of Jehoiada, who struck Adonijah down, and he died. Konsa, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a kote li. Li te tonbe sou li e li te mouri.
26 The king told Abiathar the priest, "Go to your own fields at Anathoth. You deserve to die, but I won't kill you now, because you carried the ark of the Sovereign Father before my father David and shared in all his hardships." Epi a Abiathar, prèt la, wa a te di: “Ale nan Anathoth, pwòp chan pa ou a. Paske ou merite mouri, men mwen p ap mete ou a lanmò nan moman sa a, pwiske ou te pote lach la devan papa m, David, epi akoz ou te aflije avèk tout sa ke papa m te aflije yo.”
27 So Solomon removed Abiathar from the priesthood of our Father, fulfilling our Father's word spoken at Shiloh about Eli's house. Konsa, Salomon te revoke Abiathar kòm prèt SENYÈ a, pou akonpli pawòl SENYÈ a te pale konsènan lakay Éli nan Silo.
28 News reached Joab—who had sided with Adonijah, not Absalom—so he fled to our Father's tent and seized the horns of the altar. Alò, nouvèl la te vini a Joab, paske Joab te swiv Adonija, malgre li pa t swiv Absalom. Konsa, Joab te sove rive nan tant SENYÈ a e li te sezi kòn lotèl yo.
29 King Solomon was told Joab had fled to our Father's tent and was beside the altar. So he sent Benaiah son of Jehoiada, saying, "Go, strike him down." Li te pale a Wa Salomon ke Joab te sove ale nan tant SENYÈ a; epi men vwala, li akote lotèl la. Alò, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a. Li te di: “Ale, tonbe sou li.”
30 Benaiah came to the tent of our Father and told Joab, "The king says, Come out." He answered, "No, I'll die here." Benaiah reported to the king, "This is what Joab said, and how he answered me." Konsa, Benaja te rive nan tant SENYÈ a. Li te di li: “Konsa wa a te di: ‘Sòti deyò.’” Men li te di: “Non, paske mwen va mouri isit la.” Benaja te pote bay wa a yon pawòl ankò, e li te di: “Konsa Joab te pale e konsa li te reponn mwen.”
31 The king said, "Do as he says. Strike him down and bury him, and clear from me and my father's house the innocent blood Joab shed. Wa a te di li: “Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la.
32 Our Father will return his bloodguilt on his own head, for he struck down two men more righteous and better than he, killing them with the sword—Abner son of Ner, commander of Israel's army, and Amasa son of Jether, commander of Judah's army—without my father David's knowledge. SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda.
33 Their blood returns on Joab's head and his descendants' heads forever; but for David, his descendants, his house, and his throne, there will be peace from our Father forever." Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”
34 So Benaiah son of Jehoiada went up, struck Joab down, and killed him, and he was buried at his own house in the wilderness. Epi Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a.
35 The king put Benaiah son of Jehoiada over the army in Joab's place, and Zadok the priest in Abiathar's place. Wa a te chwazi Benaja, fis a Jehojada a sou lame a nan plas li e wa a te chwazi Tsadok kòm prèt nan plas Abiathar.
36 Then the king summoned Shimei and told him, "Build yourself a house in Jerusalem and live there; don't leave it for anywhere else. Alò wa a te voye chache Schimeï e te di li: “Bati pou ou menm yon kay Jérusalem, e rete la. Pa deplase sòti la pou ale nan okenn lòt plas.
37 For on the day you go out and cross the Kidron Valley, know for certain you will surely die; your blood on your own head." Paske nan jou ke ou sòti travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.”
38 Shimei said to the king, "Your word is good. As my lord the king said, so your servant will do." Shimei lived in Jerusalem a long time. Alò, Schimeï te di a wa a: “Pawòl la bon. Jan mèt mwen an, wa a te pale a, se konsa sèvitè ou va fè.” Konsa, Schimeï te viv Jérusalem pandan anpil jou.
39 After three years, two of Shimei's servants fled to Achish son of Maakah, king of Gath. Shimei was told, "Your servants are in Gath." Men li te vin rive nan fen twazan yo, ke de sèvitè a Schimeï yo te chape rive jwenn Akisch, fis a Maaca a, wa Gath la. Epi yo te di Schimeï “Gade byen, sèvitè ou yo se nan Gath”.
40 So Shimei got up, saddled his donkey, and went to Achish at Gath to look for his servants; then went and brought them from Gath. Epi Schimeï te leve sele bourik li e li te ale Gath kote Akisch pou chache jwenn sèvitè li yo. Epi Schimeï te ale mennen sèvitè li yo retounen soti Gath.
41 When Solomon was told that Shimei had gone from Jerusalem to Gath and returned, Sa te pale a Salomon ke Schimeï te kite Jérusalem pou ale Gath e li te retounen.
42 the king sent for Shimei and said, "Didn't I make you swear by our Father and warn you, 'The day you leave and go anywhere, know for sure you will die'? And you told me, 'Your word is good; I'll obey.' Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a, e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’
43 Why then didn't you keep the oath you swore before our Father and the command I gave you?" Poukisa konsa ou pa t swiv sèman bay SENYÈ a ak lòd ke m te mete sou ou a?”
44 The king also said to Shimei, "You know in your own heart all the wrong you did to David my father. Now our Father will bring your evil back on your own head. Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou.
45 But King Solomon will be blessed, and the throne of David established before our Father forever." Men Wa Salomon va beni e twòn David la va vin etabli devan SENYÈ a pou tout tan.”
46 The king ordered Benaiah son of Jehoiada, who went out and struck Shimei down, and he died. So the kingdom was secured in Solomon's hands. Epi wa a te kòmande Benaja, fis a Jehojada a. Li te sòti deyò e li te tonbe sou li e li te mouri. Se konsa wayòm nan te etabli nan men a Salomon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]