Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Solomon allied by marriage with Pharaoh king of Egypt. He took Pharaoh's daughter, bringing her to the City of David until he finished building his palace, the house of our Father, and Jerusalem's wall. Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan.
2 But the people were still sacrificing at the high places, since no house had yet been built for the name of our Father in those days. Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.
3 Solomon loved our Father, living by the statutes of his father David; only he sacrificed and burned incense at the high places. Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.
4 The king went to Gibeon to sacrifice, for it was the great high place; Solomon offered 1,000 burnt offerings on that altar. Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.
5 At Gibeon our Father appeared to Solomon in a dream at night, saying, "Ask what I should give you." Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
6 Solomon replied, "You showed your servant David, my father, great covenant love, for he walked before you faithfully, righteously, and with an upright heart toward you. You kept this great covenant love for him, giving him a son to sit on his throne today. Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
7 Now, my Father, you have made your servant king in place of David my father, though I am just a young child, not knowing how to go out or come in. Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.
8 Your servant is among your people, the people you chose—too many to number or count. Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte.
9 So give your servant a discerning heart to govern your people, telling good from evil. For who can govern this great people of yours?" Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 It pleased the Sovereign Father that Solomon had asked this. Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a.
11 Our Father said to him, "Because you asked this, not for long life or riches or your enemies' lives, but for discernment to understand justice, Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis,
12 I now act on your word: I give you a wise, discerning heart—no one before you was like you, and none like you will rise after you. vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.
13 I also give what you did not ask: riches and honor, so no king will compare with you all your days. Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo.
14 If you walk in my ways, keeping my statutes and commands as your father David did, I will lengthen your days." Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
15 Solomon awoke and realized it was a dream. He went to Jerusalem, stood before the ark of the Sovereign Father's covenant, offered burnt offerings and peace offerings, and held a feast for all his servants. Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
16 Then two women who were prostitutes came to the king and stood before him. Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l.
17 One woman said, "Please, my lord, this woman and I live in one house, and I gave birth with her in the house. Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la.
18 On the third day after I gave birth, this woman also gave birth. We were alone; no stranger was with us in the house, just the two of us. Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye.
19 During the night this woman's son died, because she lay on him. Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li.
20 She got up at midnight, took my son from my side while your servant slept, laid him at her breast, and laid her dead son at mine. Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen.
21 When I got up in the morning to nurse my son, he was dead. But looking closely in the morning light, I saw he was not the son I had borne." Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
22 The other woman said, "No! The living one is my son; the dead one is yours." The first replied, "No! The dead one is your son; the living one is mine." So they argued before the king. Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
23 The king said, "This one says, 'My son is alive, your son is dead,' and that one says, 'No, your son is dead, my son is alive.'" Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”
24 So the king said, "Bring me a sword." And they brought a sword before the king. Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
25 The king said, "Cut the living child in two; give half to one, half to the other." Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
26 The mother of the living son spoke to the king, her heart aching for her child, and said, "Please, my lord, give her the living baby! By no means put him to death!" But the other said, "He'll be neither mine nor yours—cut him in two!" Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
27 Then the king said, "Give the living child to the first woman; by no means put him to death. She is his mother." Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
28 All Israel heard the judgment the king gave, and they were in awe of him, because they saw that the wisdom of our Father was in him to do justice. Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]