Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 King Solomon was king over all Israel. Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël.
2 These were his officials: Azariah son of Zadok, the priest; Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la;
3 Elihoreph and Ahijah, the sons of Shisha, secretaries; Jehoshaphat son of Ahilud, the recorder; Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye;
4 Benaiah son of Jehoiada over the army; Zadok and Abiathar, priests; epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt;
5 Azariah son of Nathan over the district officers; Zabud son of Nathan, priest and the king's friend; Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;
6 Ahishar over the palace; and Adoniram son of Abda over the forced labor. epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
7 Solomon had twelve district officers over all Israel supplying provisions for the king and his household; each supplied provisions one month a year. Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.
8 These are their names: Ben-Hur, in the hill country of Ephraim; Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
9 Ben-Deker, in Makaz, Shaalbim, Beth-shemesh, and Elon-beth-hanan; Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan.
10 Ben-Hesed, in Arubboth (Socoh and all the land of Hepher belonged to him); Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout teritwa Hépher);
11 Ben-Abinadab, in all the heights of Dor (Taphath the daughter of Solomon was his wife); Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li).
12 Baana son of Ahilud: Taanach, Megiddo, and all Beth-shean beside Zarethan below Jezreel, from Beth-shean to Abel-meholah as far as the far side of Jokmeam; Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
13 Ben-Geber, in Ramoth-gilead (Jair son of Manasseh's villages in Gilead were his, plus Argob's region in Bashan—sixty great walled cities with bronze bars); Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);
14 Ahinadab son of Iddo, in Mahanaim; Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm;
15 Ahimaaz, in Naphtali (he too had taken a daughter of Solomon, Basemath, as his wife); Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an);
16 Baana son of Hushai, in Asher and Bealoth; Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth;
17 Jehoshaphat son of Paruah, in Issachar; Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar;
18 Shimei son of Ela, in Benjamin; Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin;
19 Geber son of Uri, in the land of Gilead, the land of Sihon king of the Amorites and Og king of Bashan; the one officer in the land. Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
20 Judah and Israel were as many as the sand by the sea; they ate, drank, and rejoiced. Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.
21 Solomon ruled all the kingdoms from the Euphrates to the land of the Philistines and the border of Egypt. They brought tribute and served him all his life. Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.
22 Solomon's daily provision: about 180 bushels of fine flour and 360 bushels of meal, Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin,
23 ten fattened oxen, twenty pasture-fed cattle, and one hundred sheep, besides deer, gazelles, roe deer, and fattened poultry. dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra.
24 He ruled all the region west of the Euphrates, from Tiphsah to Gaza, over all its kings, and had peace on every side. Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.
25 Judah and Israel lived safely, each under their own vine and fig tree, from Dan to Beersheba, all Solomon's days. Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.
26 Solomon had 40,000 stalls of horses for his chariots, and 12,000 horsemen. Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye.
27 Those officers supplied provisions for King Solomon and all who came to his table, each in his month, leaving nothing short. Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen.
28 They also brought barley and straw for the horses and swift steeds to the place where it was needed, each according to his assigned duty. Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.
29 Our Father gave Solomon wisdom, very great understanding, and breadth of heart like sand on the seashore. Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.
30 Solomon's wisdom surpassed the wisdom of all the eastern peoples and all Egypt's wisdom. Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la.
31 He was wiser than anyone—than Ethan the Ezrahite, and Heman, Calcol, and Darda, sons of Mahol—and his fame reached all the surrounding nations. Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo.
32 He spoke 3,000 proverbs, and his songs numbered 1,005. Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk.
33 He spoke of trees, from Lebanon's cedar to the hyssop on the wall; and of animals, birds, crawling things, and fish. Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason.
34 People came from all nations to hear Solomon's wisdom, sent by all earth's kings who had heard of it. Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]