Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now these are the last words of David. The oracle of David son of Jesse, the oracle of the man raised on high, anointed by the God of Jacob, our Father, Israel's beloved singer of songs: Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la,
2 The Spirit of our Father spoke through me; his word was on my tongue. Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.
3 Our Father, the God of Israel, has spoken; the Rock of Israel said to me: "When one rules over people in righteousness, ruling in the fear of God, Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,
4 he is like the light of morning when the sun rises on a cloudless dawn, like the brightness after rain that brings grass from the earth. Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
5 Is not my house like this with our Father? For he has made with me an everlasting covenant, ordered in all things and secure. Will he not bring to fruition all my salvation and all my desire? Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
6 But worthless men are all like thorns thrown away, for they cannot be picked up barehanded. Men sanzave yo, yo chak va pouse jete deyò tankou raje pikan. Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
7 The one who would touch them arms himself with iron and the shaft of a spear, and they are burned with fire on the spot." Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.
8 These are the names of David's mighty warriors: Josheb-basshebeth the Tahkemonite, chief of the three, raised his spear against 800 men, killing them at once. Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-sant òm te mouri yon sèl kou yo.
9 Next was Eleazar son of Dodo the Ahohite, one of the three mighty men with David when they defied the Philistines gathered for battle there, and Israel's men retreated. Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo.
10 He rose up, struck the Philistines until his hand tired and clung to the sword. Our Father won a great victory that day, and the troops returned behind him only to strip the dead. Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo.
11 Next was Shammah son of Agee the Hararite. The Philistines massed at Lehi, in a field full of lentils, and the troops fled from them. Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon moso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo.
12 But Shammah stood in the middle of the field, defended it, and struck down the Philistines. And our Father brought a great victory. Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa.
13 At harvest three of the thirty chief men went down to David at the cave of Adullam, while a band of Philistines camped in the Valley of Rephaim. Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
14 David was then in the stronghold, and a Philistine garrison was at Bethlehem. Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem.
15 David longed for water and said, "If only someone would give me a drink of water from the well by the gate in Bethlehem!" David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!”
16 So the three warriors broke through the Philistine camp, drew water from the well of Bethlehem by the gate, and brought it to David. But he refused to drink it; he poured it out to our Father. Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a.
17 He said, "Far be it from me, my Father, that I should do this! Is this not the blood of the men who risked their lives?" So he would not drink it. Such were the deeds of the three warriors. Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè.
18 Abishai, Joab's brother, son of Zeruiah, was chief of the thirty. He raised his spear against 300, killed them, and won fame among the three. Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo.
19 Was he not the most honored of the thirty? He became their commander, though not one of the three. Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo.
20 Benaiah son of Jehoiada was a valiant man from Kabzeel, a man of great deeds. He struck down Moab's two mighty warriors. He went down into a pit on a snowy day and killed a lion there. Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.
21 He also struck down an impressive Egyptian. The Egyptian held a spear, but Benaiah came at him with only a staff, wrenched the spear from his hand, and killed him with his own spear. Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an.
22 These were the deeds of Benaiah son of Jehoiada, who won a name among the three mighty men. Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo.
23 He was more honored than the thirty, but not among the three. David put him over his bodyguard. Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li.
24 Among the thirty were: Asahel the brother of Joab; Elhanan son of Dodo of Bethlehem; Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem,
25 Shammah the Harodite; Elika the Harodite; Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la,
26 Helez the Paltite; Ira son of Ikkesh the Tekoite; Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la,
27 Abiezer the Anathothite; Mebunnai the Hushathite; Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an,
28 Zalmon the Ahohite; Maharai the Netophathite; Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la.
29 Heleb son of Baanah the Netophathite; Ittai son of Ribai from Gibeah of the Benjaminites; Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo,
30 Benaiah the Pirathonite; Hiddai from the ravines of Gaash; Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch.
31 Abi-albon the Arbathite; Azmaveth the Barhumite; Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan,
32 Eliahba the Shaalbonite; the sons of Jashen; Jonathan; Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan,
33 Shammah the Hararite; Ahiam son of Sharar the Hararite; Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an,
34 Eliphelet son of Ahasbai the Maacathite; Eliam son of Ahithophel the Gilonite; Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo.
35 Hezro the Carmelite; Paarai the Arbite; Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la.
36 Igal son of Nathan of Zobah; Bani the Gadite; Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad,
37 Zelek the Ammonite; Naharai the Beerothite, the armor-bearer of Joab son of Zeruiah; Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a.
38 Ira the Ithrite; Gareb the Ithrite; Ira a Jéther.
39 and Uriah the Hittite—thirty-seven in all. Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]