Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Elisha the prophet called one of the sons of the prophets: "Tuck your cloak into your belt, take this flask of oil, and go to Ramoth-gilead. Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.
2 On arrival, find Jehu son of Jehoshaphat, son of Nimshi. Go in, get him up from his companions, and take him to a back room. Lè ou rive la, chache jwenn Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan.
3 Take the oil flask, pour it on his head, and say, 'This is what our Father says: I anoint you king over Israel.' Open the door, flee—don't delay." Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”
4 So the young man, the prophet's servant, went to Ramoth-gilead. Konsa, jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad.
5 On arrival, the army commanders sat together. "I have a message for you, commander," he said. "For which of us?" Jehu asked. "For you, commander." Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.” Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?” Li te di: “Pou ou, O kapitèn.”
6 Jehu got up and went inside. The young man poured the oil on his head, saying, "This is what our Father, the God of Israel, says: 'I anoint you king over my people, over Israel. Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm.
7 Strike down the house of Ahab your master, so I may avenge on Jezebel the blood of my servants the prophets and of all who serve me. Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel.
8 Ahab's whole house will die. I'll cut off from Ahab every male in Israel, slave or free. ‘Paske tout lakay Achab va peri e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël.
9 I will make Ahab's house like Jeroboam son of Nebat's and like Baasha son of Ahijah's. Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e tankou lakay Basha, fis Achija a.
10 As for Jezebel, dogs will eat her in the plot at Jezreel, with no one to bury her.' " Then he opened the door and fled. Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.
11 Jehu went out to his master's officers. One asked, "All well? Why did this madman come to you?" "You know the man and his kind of talk," he said. Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo: “Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”
12 "That's a lie!" they said. "Tell us." He said, "He told me: 'This is what our Father says: I anoint you king over Israel.'" Yo te di: “Sa se manti. Pale nou koulye a.” Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.
13 They hurried, each taking his cloak and spreading it under him on the bare steps. They blew the trumpet and shouted, "Jehu is king!" Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
14 Jehu son of Jehoshaphat, son of Nimshi, conspired against Joram, who with all Israel had guarded Ramoth-gilead against Hazael king of Aram, Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.
15 but King Joram had gone back to Jezreel to heal from wounds the Arameans gave him fighting Hazael king of Aram. So Jehu said, "If you agree, let no one escape the city to report it in Jezreel." Men Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.”
16 Jehu mounted his chariot and rode to Jezreel, where Joram lay. Ahaziah king of Judah had come down to see him. Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.
17 When the watchman on Jezreel's tower saw Jehu's company coming, he called, "I see a company of men." "Get a horseman," Joram ordered. "Send him to meet them and ask, 'Is it peace?'" Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.” Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”
18 The horseman rode to Jehu: "The king asks, 'Is it peace?'" "What's peace to you?" said Jehu. "Fall in behind me." The watchman reported, "The messenger reached them but isn't returning." Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.” Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”
19 The king sent a second horseman. He reached them: "The king asks, is it peace?" Jehu replied, "What's peace to you? Fall in behind me." Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
20 The watchman reported, "He reached them but isn't returning. The driving is like Jehu son of Nimshi's—he drives like a madman." Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi kondwi li se tankou kondwi a Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”
21 "Hitch up my chariot," Joram ordered. Ready, Israel's King Joram and Judah's King Ahaziah each drove out in his own chariot to meet Jehu, meeting him on Naboth the Jezreelite's field. Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.” Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.
22 Seeing Jehu, Joram asked, "Peace, Jehu?" He replied, "What peace, while your mother Jezebel's countless prostitutions and witchcraft continue?" Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
23 Joram wheeled around and fled, calling out to Ahaziah, "Treachery, Ahaziah!" Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: “Trayizon, O Achazia!”
24 Jehu drew his bow with full strength and struck Joram between the shoulders. The arrow pierced his heart, and he sank down in his chariot. Konsa, Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li.
25 Jehu told his officer Bidkar, "Lift him and throw him on the plot of Naboth the Jezreelite's field. Remember, when you and I rode together behind his father Ahab, our Father laid this oracle on him: Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:
26 'Surely I saw Naboth's blood and his sons' blood yesterday, declares our Father, and I will repay you on this very plot.' Now pick him up and throw him on that plot, as the word of our Father said." ‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”
27 Ahaziah king of Judah saw this and fled up the Beth-haggan road. Jehu chased him, ordering, "Shoot him too!" They struck him in the chariot on the climb to Gur near Ibleam, but he escaped to Megiddo and died there. Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.
28 His servants drove him by chariot to Jerusalem and buried him in his tomb with his ancestors in the City of David. Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la.
29 (In Joram son of Ahab's eleventh year, Ahaziah became king over Judah.). Alò, nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
30 Jehu came to Jezreel. Jezebel heard, painted her eyes, fixed her hair, and looked out the window. Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.
31 As Jehu came through the gate, she asked, "Is it peace, you Zimri, murderer of your master?" Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: “Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”
32 He looked up at the window and shouted, "Who's with me? Who?" Two or three eunuchs looked out at him. Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?” Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.
33 "Throw her down!" Jehu said. So they threw her down, and some of her blood spattered the wall and the horses as they trampled her. Li te di: “Jete li anba.” Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo.
34 Jehu went in, ate and drank, then said, "See to this cursed woman and bury her; she was a king's daughter." Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de fanm modi sila a e antere li; paske se fi a wa a ke li ye.”
35 Going to bury her, they found only the skull, feet, and palms of her hands. Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo.
36 They went back and told Jehu. He said, "This is our Father's word through his servant Elijah the Tishbite: 'In the plot at Jezreel dogs will eat Jezebel's flesh. Pou sa, yo te retounen pou te pale li. Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,
37 Jezebel's body will lie like manure on the field at Jezreel, so none can say, "This is Jezebel."'" epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]