Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Ahab had seventy sons in Samaria. Jehu sent letters to Samaria, to the city officials, elders, and guardians of Ahab's sons, writing: Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di:
2 "When this letter reaches you, since your master's sons are with you, plus chariots, horses, a fortified city, and weapons. “Alò, lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam,
3 Choose your master's best and ablest son, set him on his father's throne, and fight for your master's house." chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
4 They were terrified, utterly terrified, and said, "Look, two kings couldn't stand before him. How can we stand?" Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?”
5 The palace steward, city governor, elders, and guardians sent word to Jehu: "We are your servants; we'll do all you say. We'll crown no one—do what's good in your eyes." Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
6 Jehu wrote them a second letter: "If you are with me and will obey me, take the heads of your master's sons and come to me at Jezreel by this time tomorrow." The king's seventy sons were with the city's nobles, raising them. Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.
7 When the letter arrived, they seized the king's sons, slaughtered all seventy, put their heads in baskets, and sent them to Jehu at Jezreel. Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel.
8 The messenger told him, "They've brought the king's sons' heads." He said, "Stack them in two piles at the gate entrance until morning." Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”
9 In the morning he went out, stood before all the people, and said: "You are innocent. I conspired against my master and killed him, but who struck down all these? Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?
10 Know that none of our Father's words against Ahab's house will fall to the ground. Our Father has done what he spoke through his servant Elijah." Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”
11 So Jehu killed all remaining of Ahab's house in Jezreel—his nobles, close friends, and priests—leaving him no survivor. Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
12 Then he set out and went toward Samaria. On the way, at Beth-eked of the Shepherds, Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo,
13 Jehu met the relatives of Ahaziah king of Judah and asked, "Who are you?" They answered, "Ahaziah's relatives, coming to greet the families of the king and of the queen mother." Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”
14 "Capture them alive!" he said. They captured them alive, then slaughtered them at Beth-eked's pit—forty-two men, not one left. Li te di: “Pran yo vivan.” Konsa, yo te pran yo vivan e te touye yo nan fòs ki rele Beth-Eked la; karann-de mesye, e li pa t kite youn nan yo.
15 He left there, met Jehonadab son of Rechab coming toward him. Jehu greeted him and asked, "Is your heart true to mine, as mine is to yours?" "It is," Jehonadab said. "If so," said Jehu, "give me your hand." He gave it, and Jehu pulled him into the chariot. Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
16 "Come with me, see my passion for our Father," he said. So he had him ride in his chariot. Li te di: “Vini avè m pou wè zèl mwen pou SENYÈ a.” Konsa, li te fè li ale nan cha li a.
17 Arriving in Samaria, Jehu killed all Ahab's survivors there, wiping them out, just as our Father told Elijah. Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.
18 Jehu gathered all the people and said, "Ahab served Baal a little; Jehu will serve him much. Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.
19 Summon me all Baal's prophets, all his worshipers, all his priests—none missing; I have a great sacrifice for Baal, and whoever is missing won't live." But Jehu acted with cunning, to destroy Baal's worshipers. Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
20 Jehu ordered, "Proclaim a sacred assembly for Baal." So they proclaimed it. Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.” Epi yo te anonse l.
21 Jehu sent word through all Israel; all Baal's worshipers came, none stayed away. They entered Baal's house, filling it end to end. Konsa, Jéhu te voye toupatou an Israël e tout sèvitè a Baal yo te vini, jis pa t gen yon moun ki rete ki pa t vini. Lè yo te antre nan kay Baal la, kay Baal la te ranpli jis sòti nan yon pwent pou rive nan yon lòt pwent.
22 Jehu told the wardrobe keeper, "Bring out robes for all Baal's worshipers." He brought them out. Li te di a sila ki te sou chaj vètman yo: “Mennen vètman yo deyò pou tout sèvitè Baal yo.” Konsa, li te mennen vètman yo deyò pou yo.
23 Jehu and Jehonadab son of Rechab entered Baal's temple. He told Baal's worshipers, "Search carefully—make sure no servants of our Father are here among you, only worshipers of Baal." Jéhu te antre lakay Baal avèk Jonadab, fis a Récab la, epi li te di a sèvitè Baal yo: “Chache pou wè ke pa gen pami nou okenn nan sèvitè SENYÈ a; men sèlman sèvitè a Baal yo.”
24 They went in to offer sacrifices and burnt offerings. Jehu had stationed eighty men outside and warned them, "Whoever lets any of the men I'm putting in your hands escape, it will be your life for his life." Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
25 When the burnt offering was finished, Jehu told the guards and officers, "Go in, kill them—let no one out." They struck them down with the sword; the guards and officers threw them out and entered Baal's inner temple room. Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, “Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la.
26 They brought out the sacred pillars of the temple of Baal and burned them. Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo.
27 They tore down the sacred pillar of Baal, tore down Baal's temple, and made it a latrine to this day. Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
28 So Jehu wiped out Baal worship from Israel. Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
29 Yet Jehu didn't turn from Jeroboam son of Nebat's sins, which he led Israel into—the golden calves at Bethel and Dan. Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.
30 Our Father told Jehu, "Because you did well, doing right in my eyes, and did all I intended to Ahab's house, your descendants will sit on Israel's throne to the fourth generation." SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
31 But Jehu did not carefully, wholeheartedly follow the law of our Father, the God of Israel. He did not turn from the sins of Jeroboam, who led Israel to sin. Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
32 In those days our Father began to cut Israel short. Hazael struck them throughout Israel's territory. Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la,
33 East of the Jordan—all Gilead, land of Gad, Reuben, and Manasseh—from Aroer by the Arnon Valley, through Gilead and Bashan. soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.
34 Jehu's remaining acts—all he did and all his power—aren't they recorded in the book of the chronicles of Israel's kings? Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
35 Jehu slept with his ancestors and was buried in Samaria; his son Jehoahaz reigned in his place. Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
36 The time that Jehu reigned over Israel in Samaria was twenty-eight years. Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]