Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Elisha had told the woman whose son he revived, "Rise, go, you and your household, and stay wherever you can, for our Father has called for the famine, coming on the land seven years." Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”
2 The woman rose, did as the man of our Father said, and went, she and her household, to live in Philistine land seven years. Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane.
3 After seven years the woman returned from Philistia and went to plead with the king for her house and land. Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou fè demann a wa a pou lakay li avèk chan li.
4 The king was talking with Gehazi, servant of the man of our Father: "Tell me all the great things Elisha has done." Alò, wa a t ap pale avèk Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: “Souple, fè m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn fè yo.”
5 While Gehazi was telling the king how Elisha revived the dead, the woman whose son he revived came crying to the king for her house and field. Gehazi said, "My lord the king, this is the woman, and this is her son Elisha revived." Pandan li t ap pale wa a ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”
6 The king asked the woman, and she explained. So he assigned her one official: "Restore everything of hers, plus all the field's produce from the day she left the land until now." Lè wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: “Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite tè a jis rive koulye a.”
7 Elisha came to Damascus. Ben-hadad king of Aram, being sick, was told, "The man of God has come here." Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: “Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”
8 The king told Hazael, "Take a gift, go meet the man of God, and ask the LORD through him: Will I recover from this sickness?" Wa a te di a Hazaël: “Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
9 Hazael went to meet him, taking a gift of all Damascus's good things, forty camel-loads. He stood before Elisha: "Your son Ben-hadad king of Aram sent me to ask, 'Will I recover from this illness?'" Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
10 Elisha said, "Go tell him, 'You will surely recover,' but our Father showed me he will certainly die." Alò, Élisée te di li: “Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’”
11 He held his gaze until Hazael was ashamed. Then the man of our Father wept. Li te gade l byen fiks, jiskaske li te wont. Epi nonm Bondye a te kriye.
12 "Why does my lord weep?" Hazael asked. He answered, "Because I know the harm you'll do to Israelites: burn their fortresses, kill their young men with the sword, dash their little ones to the ground, and rip open their pregnant women." Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?” Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”
13 Hazael replied, "What is your servant, a mere dog, that he should do this great thing?" Elisha answered, "Our Father has shown me you will become king over Aram." Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?” Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”
14 Hazael left Elisha and returned to his master, who asked, "What did Elisha say?" He replied, "He told me you would surely recover." Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?” Epi li te reponn: “Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè.”
15 Next day, Hazael took the thick cloth, dipped it in water, spread it over the king's face, and he died. Hazael reigned instead. Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.
16 In year five of Ahab's son Joram, Israel's king, when Jehoshaphat was king of Judah, Jehoshaphat's son Jehoram began reigning as Judah's king. Alò, nan senkyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat la, wa Juda, te devni wa.
17 He was thirty-two years old when he became king, and he reigned eight years in Jerusalem. Li te gen laj a trann-dezan lè li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem.
18 He followed the ways of Israel's kings, as Ahab's house did, for he had married Ahab's daughter. And he did what was evil in the eyes of our Father. Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.
19 Yet our Father would not destroy Judah, for David his servant's sake, as he promised to give a lamp to David and to his sons forever. Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.
20 In his days Edom rebelled against the rule of Judah and set up its own king. Nan jou pa li yo, Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo.
21 Joram crossed to Zair with all his chariots, rose by night, struck the Edomites surrounding him and the chariot commanders, but the troops fled to their tents. Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo.
22 To this day Edom has rebelled against Judah's rule. Libnah rebelled at the same time. Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a.
23 The rest of Joram's acts, everything he did—aren't they written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo?
24 Joram died, buried with his fathers in the City of David; his son Ahaziah reigned in his place. Konsa, Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.
25 In Joram son of Ahab king of Israel's twelfth year, Ahaziah son of Jehoram king of Judah began ruling. Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye.
26 Ahaziah became king at twenty-two; he reigned one year in Jerusalem. His mother Athaliah was granddaughter of Omri king of Israel. Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la.
27 He walked the way of Ahab's house, did evil in our Father's eyes like Ahab's house, since he was son-in-law to Ahab's house. Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
28 He went with Joram son of Ahab to fight Hazael king of Aram at Ramoth-gilead, where Arameans wounded Joram. Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram.
29 King Joram went back to Jezreel to heal from wounds the Arameans dealt him at Ramah, fighting Hazael king of Aram. Ahaziah son of Jehoram, king of Judah, went down to see the wounded Joram son of Ahab at Jezreel. Konsa, Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]