Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Elisha said, "Hear the word of our Father. This is what our Father says: By this time tomorrow, seven quarts of fine flour will sell for four ounces of silver, and fourteen quarts of barley for four ounces of silver, at the gate of Samaria." Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”
2 Then the officer on whose arm the king leaned answered the man of our Father, "Look, even if our Father opened windows in the heavens, could this happen?" Elisha replied, "You will see it with your own eyes, but you will not eat any of it." Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?” Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”
3 Four men with a skin disease were at the gate entrance, and said to each other, "Why sit here until we die? Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri?
4 If we say, 'Let's enter the city,' the famine is there, and we die. If we stay here, we die too. So come, let's go over to the Aramean camp. If they spare us, we live; if they kill us, we die." Si nou di: ‘N ap antre nan vil la’, alò grangou nan vil la, nou va mouri la. Epi si nou chita isit la, nou va mouri tou. Pou sa, vini, annou janbe lòtbò nan kan Siryen yo. Si yo lese nou viv, nou va viv; epi si yo touye nou, nou p ap gen plis pase mouri.”
5 So at twilight they rose to go to the Aramean camp. Reaching its edge, they found no one there. Konsa, yo te leve avan l fènwa pou ale nan kan Siryen yo, epi gade byen, pa t gen moun la.
6 For the Sovereign Father had made the Aramean army hear the sound of chariots and horses, the sound of a great army, so they said to one another, "Look, the king of Israel has hired the kings of the Hittites and of Egypt to attack us!" Paske SENYÈ a te fè lame Siryen an tande bwi a cha yo avèk bwi cheval yo, son a yon gwo lame, jiskaske yo te di youn ak lòt: “Men gade, wa Israël la gen tan mete an sèvis kont nou wa Etyen yo avèk wa Ejipsyen yo pou yo vini sou nou.”
7 So they got up and fled at twilight, leaving their tents, horses, and donkeys. They left the camp as it was and fled for their lives. Pou sa, yo te leve kouri pandan tenèb la t ap pwoche e te kite tant yo avèk cheval yo avèk bourik yo ak kan an, jis jan ke li te ye a pou te sove ale e sove lavi yo.
8 When these men with the skin disease reached the camp's edge, they entered one tent, ate and drank, then carried off silver, gold, and clothing and hid them. They returned, entered another tent, took things from it, and hid those too. Lè moun lalèp sa yo te rive nan landwa kan an, yo te antre nan yon tant pou te manje ak bwè e yo te pote soti la, ajan avèk lò avèk rad pou te ale sere yo. Epi yo te tounen antre nan yon lòt tant pou te pote soti la tou pou te ale sere yo.
9 They said to each other, "We're not doing right. This is a day of good news, and we're keeping it to ourselves. If we wait until morning light, punishment will find us. Now come, let's go at once and tell the king's household." Men konsa, yo te pale youn ak lòt: “Nou pa fè byen. Jou sa a se yon jou bòn nouvèl, men nou rete an silans. Si nou tann jis rive maten an, pinisyon va vin rive sou nou. Alò, pou sa, annou ale pale moun lakay wa a.”
10 So they came and called to the city gatekeepers, reporting: "We went to the Aramean camp—no one there, no human sound, only horses and donkeys tied up, and the tents just as they were." Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”
11 The gatekeepers called out the news, and it was reported inside the king's household. Gadyen pòtay yo te rele pale anndan kay wa a.
12 That night the king rose and told his officials, "Let me tell you the Arameans' plan against us. They know we're starving, so they've left camp to hide in the fields, thinking: When they leave the city, we'll take them alive and get inside." Wa a te leve nan lannwit lan e li te di a sèvitè li yo: “Mwen va pale ou koulye a sa ke Siryen yo gen tan fè. Yo konnen ke nou grangou; pou sa, yo te kite kan an pou kache yo menm nan chan an. Y ap di: ‘Lè yo sòti lavil la, nou va kaptire yo vivan e antre nan vil la.’”
13 One of his servants said, "Have some men take five of the horses left in the city. They will fare like all the Israelites left here—like all the Israelites already dead. Let us send them and see." Youn nan sèvitè li yo te di: “Souple, kite kèk moun pran senk nan cheval ki rete lavil la. Gade byen, malgre nenpòt nan yo va menm jan ak tout rès foul moun ki rete ladann nan. Gade byen, yo tankou tout foul ki gen tan peri deja. Pou sa, annou voye gade.”
14 So they took two chariots with horses, and the king sent them after the Aramean army, saying, "Go, find out." Konsa, yo te pran de cha avèk cheval e wa a te voye yo dèyè lame Siryen an, e te di: “Ale gade.”
15 They followed them to the Jordan; the whole road was littered with clothes and gear the Arameans threw off in their haste. The messengers returned and told the king. Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.
16 The people went out and plundered the Aramean camp. So seven quarts of fine flour sold for four ounces of silver, and fourteen quarts of barley for four ounces of silver, as our Father had said. Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a.
17 The king had put the captain on whose arm he leaned in charge of the gate; the crowd trampled him there, and he died—just as the man of our Father had said when the king came down to him. Alò, wa a te chwazi menm ofisye wayal la, sou men a sila li te konn apiye a, pou pran chaj pòtay la; men pèp la te foule li anba pye nan pòtay la e li te vin mouri jis jan ke nonm Bondye a te pale a, ki t ap pale pandan wa a te vin desann kote l la.
18 It happened just as the man of our Father told the king: "About this time tomorrow at Samaria's gate, fourteen quarts of barley will sell for four ounces of silver, and seven quarts of fine flour for four ounces of silver." Li te vin rive jis jan ke nonm Bondye a te pale a wa a, lè l te di: “De mezi lòj pou yon sik e yon mezi farin fen pou yon sik, va vann demen vè lè sa a nan pòtay Samarie.”
19 The officer had answered the man of our Father, "Look, even if our Father opened windows in the heavens, could such a thing happen?" And he replied, "You will see it with your own eyes, but you will not eat any of it." Epi ofisye wayal la te reponn nonm Bondye a e te di: “Alò gade byen, Si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske yon bagay konsa ta kab rive?” Epi li te di: “Gade byen, ou va wè li avèk pwòp zye pa ou, men ou p ap manje ladann.”
20 This is exactly what happened: the people trampled him in the gateway, and he died. Epi se konsa sa te vin rive li, paske pèp la te foule li anba pye nan pòtay la, e li te vin mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]