Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The company of prophets said to Elisha, "Look, the place where we live under your care is too cramped for us. Alò fis a pwofèt yo te di a Élisée: “Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou.
2 Let's go to the Jordan, each get a log, and build ourselves a place to live there." He said, "Go." Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a.” Li te reponn: “Ale.”
3 One of them said, "Please be willing to go with your servants." He answered, "I will go." Alò youn nan yo te di: “Souple, fè dakò pou ale avèk sèvitè nou yo.” Li te reponn: “M ap prale.”
4 So he went with them. They came to the Jordan and began cutting down trees. Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo.
5 As one felled a beam, the ax head fell into the water. He cried, "Oh no, my master! It was borrowed!" Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nom nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!”
6 The man of our Father asked, "Where did it fall?" The man showed Elisha the place. Elisha cut a stick, threw it there, and made the iron float. Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a.
7 "Lift it out," he said. So the man reached out his hand and took it. Li te di: “Ranmase l pou kont ou.” Konsa, li te lonje men li pou te pran l.
8 Aram's king was fighting Israel. He conferred with his servants: "My camp will be at such and such a place." Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.”
9 The man of our Father warned Israel's king: "Don't pass this place—Arameans are coming down there." Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.”
10 So the king of Israel sent to the place the man of our Father named, warning him; he guarded himself there—not once, not twice. Wa Israël la te voye nan plas kote nonm Bondye a te pale li a pou avèti l. Konsa, plis ke yon fwa oswa de fwa, li te sove li plizyè fwa.
11 Aram's king raged over this. He summoned his servants and asked, "Won't you tell me who among us sides with Israel's king?" Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?”
12 One of his servants said, "No one, my lord the king. Elisha, the prophet in Israel, tells Israel's king the words you speak in your bedroom." Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.”
13 "Go, see where he is," the king said, "so I may send men and seize him." Word came back, "He is in Dothan." Konsa, li te di: “Ale wè kote li ye a pou m kab voye pran l.” Epi yo te pale li, e te di: “Gade, li Dothan.”
14 He sent horses, chariots, and a great army there; they came by night and surrounded the city. Li te voye cheval avèk cha avèk yon gwo lame la. Yo te vini pandan lannwit e te antoure vil la.
15 The servant of the man of our Father rose early and went out—an army with horses and chariots surrounded the city. "Oh no, my master! What will we do?" the servant said. Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”
16 "Don't be afraid," he answered, "those with us outnumber those with them." Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.”
17 Elisha prayed, "my Father, please open his eyes to see." And our Father opened the young man's eyes: he saw the mountain full of horses and chariots of fire around Elisha. Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.
18 As the Arameans came down to him, Elisha prayed to our Father, "Please strike these people with blindness." So he struck them with blindness, as Elisha said. Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.” Konsa, Li te frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a.
19 Elisha said, "This isn't the way, nor the city. Follow me—I'll lead you to the man you seek." Then he led them to Samaria. Konsa, Élisée te di yo: “Sa se pa chemen, ni se pa vil sa a. Swiv mwen e mwen va mennen ou kote nonm ke w ap chache a.” Epi li te mennen yo rive Samarie.
20 When they entered Samaria, Elisha said, "O my Father, open these men's eyes so they may see." Then our Father opened their eyes, and they saw—they were inside Samaria. Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.” Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie.
21 Seeing them, Israel's king said to Elisha, "My father, will I kill them? Will I kill them?" Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”
22 He said, "Don't kill them. Would you kill those captured by your sword and bow? Give them bread and water to eat and drink, then go to their master." Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”
23 He prepared a great feast; they ate and drank, then he sent them off to their master. Aramean raiders did not come into Israel's land again. Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël.
24 Later Ben-hadad king of Aram gathered his whole army, marched up, and besieged Samaria. Alò, li te vin rive apre sa ke Ben-Hadad, wa Syrie a, te rasanble tout lame li a e te monte fè syèj kont Samarie.
25 A severe famine gripped Samaria during the siege, until a donkey's head sold for eighty pieces of silver, and a quarter-kab of dove droppings for five pieces of silver. Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.
26 As Israel's king passed along the wall, a woman cried out, "Help me, my lord the king!" Pandan wa Israël la t ap pase sou mi an, yon fanm te kriye fò a li menm e te di: “Fè m sekou, mèt mwen, O Wa a!”
27 He said, "If our Father doesn't help you, where can I find help for you? From the threshing floor? From the winepress?" Wa a te di: “Si SENYÈ a pa ede ou, soti kibò mwen kab ede ou? Depi nan glasi vannen an, oswa avèk aparèy peze rezen an?”
28 The king asked, "What's wrong?" She said, "This woman told me, 'Give your son to eat today; we'll eat mine tomorrow.' Epi wa a te mande l: “Kisa ou genyen?” Epi li te reponn: “Fanm sa a te di mwen: ‘Ban m ti fis ou a pou nou kab manje li jodi a e nou va manje fis pa ou a demen.’
29 So we boiled my son and ate him. Next day I said, 'Give your son for us to eat,' but she hid him." Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.”
30 Hearing the woman's words, the king tore his robes; as he passed along the wall, people saw sackcloth on his skin, underneath. Lè wa a te tande pawòl a fanm nan, li te chire rad li—epi koulye a, li t ap pase sou mi an—-e pèp la t ap gade, epi vwala, li te gen twal sak anba vètman a sou kò li.
31 He said, "May our Father punish me, and worse, if Elisha son of Shaphat's head stays on him today!" Konsa, li te di: “Ke Bondye fè m sa, e menm plis, si tèt a Élisée, fis a Schaphath la rete sou kò li jodi a.”
32 Elisha sat in his house, and the elders were sitting with him. The king had sent a man ahead of him, but before the messenger arrived, Elisha said to the elders, "See how this son of a murderer sends to cut off my head? Look, when he comes, shut the door and press it against him. Isn't the sound of his master's feet behind him?" Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”
33 While he was still speaking with them, the messenger came down to him. The king said, "This disaster is from our Father. Why wait for our Father longer?" Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]