Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Naaman, army commander for Aram's king, was great and highly regarded by his master, because through him our Father gave Aram victory. He was a brave warrior, but he had a skin disease. Alò, Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp.
2 The Arameans had raided and taken a young girl captive from Israel, and she served Naaman's wife. Alò, Siryen yo te sòti pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an.
3 She told her mistress, "If only my master would go to the prophet in Samaria! He would cure him of his leprosy." Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”
4 So Naaman went in and told his master, "This is what the girl from the land of Israel said." Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”
5 "Go," said Aram's king. "I'll send a letter to Israel's king." So Naaman left with about 750 pounds of silver, about 150 pounds of gold, and ten sets of clothing. Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.
6 He brought the letter to Israel's king. It read: "I send you my servant Naaman with this letter, to cure his skin disease." Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: “Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a.”
7 Reading the letter, Israel's king tore his clothes: "Am I God, to kill and give life, that he asks me to cure a man's skin disease? See, he's picking a fight with me!" Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”
8 When Elisha the man of our Father heard Israel's king had torn his clothes, he sent word to the king: "Why tear your clothes? Send him to me, and he'll know there's a prophet in Israel." Li te rive ke lè Élisée, nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”
9 So Naaman came with his horses and chariots and stopped at the door of Elisha's house. Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée.
10 Elisha sent a messenger to him: "Go, wash seven times in the Jordan; your flesh will be restored, and you'll be clean." Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”
11 But Naaman left angry, saying, "I expected he'd come out to me, stand, call on the name of the LORD his God, wave his hand over the spot, and cure the disease. Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la.
12 Aren't Abana and Pharpar, Damascus's rivers, better than all Israel's waters? Couldn't I wash in them and be clean?" So he turned and left in a rage. Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.
13 But his servants approached him: "My father, if the prophet told you to do some great thing, wouldn't you? How much more when he only says, 'Wash and be clean'?" Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”
14 He went down and dipped in the Jordan seven times, as the man of our Father said, and his flesh was restored like a little child's, and he was clean. Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.
15 Naaman and all his party returned to the man of our Father. He came and stood before him and said, "Now I know there is no God in all the earth except in Israel. Please accept a gift from your servant." Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”
16 Elisha replied, "As surely as our Father lives, before whom I stand, I will accept nothing." Naaman urged him to take it, but he refused. Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen p ap pran anyen.” Konsa, li te ankouraje l pran, men li te refize.
17 If not," Naaman said, "let your servant be given as much earth as two mules can carry, for your servant will never again offer a burnt offering or sacrifice to any other god but the LORD. Naaman te di: “Malgre, si se pa sa, souple, bay sèvitè ou a chaj de milèt tè; paske sèvitè ou a p ap ofri ofrann brile ni sakrifis a lòt dye, men a SENYÈ a.
18 But may the LORD forgive your servant this one thing: when my master enters Rimmon's temple to worship, leaning on my arm, and I bow down in the temple of Rimmon, when I bow down there—may the LORD forgive your servant." Nan ka sa a, ke SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a: lè mèt mwen antre nan kay Rimmon an, pou adore la, li va apiye sou men m e mwen va bese lakay Rimmon an, pou SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a nan ka sa a.”
19 "Go in peace," Elisha said. So Naaman departed from him and had gone some distance. Li te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te pati de li a yon distans.
20 But Gehazi, servant of Elisha the man of our Father, thought: "My master has let this Aramean Naaman off too easily by not accepting what he brought. As our Father lives, I'll run after him and get something." Men Guéhazi, sèvitè Élisée a, nonm Bondye a, te reflechi: “Men gade, mèt mwen an te konsève Naaman sila a, Siryen an, pwiske li pa resevwa nan men l sa ke li te pote a. Jan SENYÈ a viv la, mwen ap kouri dèyè l e pran yon bagay de li menm.”
21 Gehazi chased after Naaman. Seeing him run up, Naaman stepped down from his chariot to meet him: "Is all well?" Konsa, Guéhazi te kouri dèyè Naaman. Lè Naaman te wè yon moun vin kouri dèyè li, li te desann cha a pou rankontre li. Li te di: “Èske tout bagay byen?”
22 "All's well," Gehazi said. "My master sent me to say: 'Two young men from the prophets' company just came to me from Ephraim's hills. Please give them about seventy-five pounds of silver and two changes of clothing.'" Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak de echanj konplè nan vètman yo.’”
23 "Please, take about 150 pounds," Naaman said. He urged Gehazi, and he tied up about 150 pounds of silver in two bags with two sets of clothing, gave them to two servants, who carried them ahead of Gehazi. Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li.
24 At the hill Gehazi took the things from the servants, put them in the house, sent the men off, and they left. Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati.
25 He went in and stood before his master. Elisha asked, "Where were you, Gehazi?" "Your servant didn't go anywhere," he said. Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”
26 But Elisha said, "Didn't my heart go with you when the man turned from his chariot to meet you? Is it time to take silver, clothes, olive groves, vineyards, sheep, cattle, and male and female servants? Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant?
27 Naaman's leprosy will cling to you and your descendants forever." Gehazi left his presence, leprous, his skin as white as snow. Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.” Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]