Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The wife of one of the sons of the prophets cried out to Elisha, "Your servant my husband is dead, and you know that your servant revered our Father. Now the creditor comes to take my two children as slaves." Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
2 Elisha asked, "What can I do for you? Tell me, what's in your house?" She said, "Your servant has nothing but a jar of oil." Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”
3 Then he said, "Go, borrow vessels outside from all your neighbors—empty vessels, not a few. Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil.
4 Go in, shut the door behind you and your sons, and pour oil into all these jars. As each is filled, set it aside." Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
5 So she left him, shut the door behind her and her sons; they kept bringing the vessels, she kept pouring. Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen.
6 When the jars were full, she told her son, "Bring me another." "There are none left," he said. Then the oil stopped. Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.” Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
7 She came and told the man of our Father, who said, "Go, sell the oil, pay your debt, and you and your sons live on the rest." Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
8 One day Elisha passed through Shunem, where a wealthy woman lived; she urged him to stay and eat. Whenever he passed by, he stopped there to eat. Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.
9 She told her husband, "Look, I know this man who often passes by us is a holy man of our Father. Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.
10 Let's make him a small roof room with a bed, table, chair, and lamp, so he can stay whenever he comes." Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”
11 One day Elisha came there, turned into the upper room, and lay down. Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze.
12 He told his servant Gehazi, "Call this Shunammite woman." He called her, and she stood before him. Konsa li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Rele fanm Sinamit lan.” Epi lè li te fin rele li, li te parèt kanpe devan l.
13 Elisha said to him, "Tell her: You've gone to all this trouble for us. What can be done for you? Should I speak for you to the king or the army commander?" She answered, "I live among my own people." Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
14 He asked, "What can be done for her?" Gehazi said, "She has no son, and her husband is old." Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?” Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”
15 He said, "Call her." So he called her, and she stood in the doorway. Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la.
16 He said, "At this season next year, you will embrace a son." She said, "No, my lord, man of our Father, don't lie to your servant." Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”
17 The woman conceived and bore a son at that season the next year, as Elisha had told her. Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a.
18 The child grew, and one day he went out to his father, to the reapers. Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.
19 He told his father, "My head! My head!" His father told a servant, "Carry him to his mother." Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.” Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”
20 He carried him to his mother; the boy sat on her knees until noon, then died. Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri.
21 She went up, laid him on the man of our Father's bed, shut the door behind him, and left. Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti.
22 She called her husband: "Send me a servant and a donkey, so I can run to the man of our Father and come back." Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”
23 He asked, "Why go to him today? It's not new moon or Sabbath." She said, "It's fine." Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”
24 She saddled the donkey and told her servant, "Drive on; don't slow down for me unless I tell you." Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”
25 She set out and came to the man of our Father at Mount Carmel. Seeing her in the distance, the man of our Father told Gehazi his servant, "Look, the Shunammite woman. Konsa li te ale e te vin kote nonm Bondye a sou Mòn Carmel. Lè nonm Bondye a te wè li a yon distans li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Men vwala se Sinamit lan.
26 Run now, meet her, and ask, 'Are you well? Is your husband well? Is the child well?'" She answered, "All is well." Souple, kouri koulye a rankontre li, epi mande li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’” Konsa, li te reponn: “L ap bon”.
27 When she reached the man of our Father on the mountain, she grabbed his feet. Gehazi came to push her away, but he said, "Leave her alone—her soul is in bitter distress, and our Father has hidden it from me, not told me." Lè l te rive kote nonm Bondye a sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”
28 She said, "Did I ask my lord for a son? Didn't I say, 'Don't raise my hopes'?" Fanm nan te di: “Èske mwen te mande mèt mwen pou yon fis? Èske mwen pa t di ou: ‘Pa twonpe m’?”
29 Elisha told Gehazi, "Tuck your cloak in your belt, take my staff in your hand, and go. If you meet anyone, don't greet him; if anyone greets you, don't answer him. Lay my staff on the boy's face." Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”
30 But the child's mother said, "As our Father lives and you live, I won't leave you." So he got up and followed her. Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
31 Gehazi went ahead of them, laid the staff on the boy's face, but there was no sound or response. He went back to meet Elisha: "The boy has not awakened." Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an pa t leve.”
32 When Elisha came into the house, there was the child, dead, lying on his bed. Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an.
33 So he went in, shut the door behind the two of them, and prayed to our Father. Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a.
34 Then he climbed up and lay on the child—mouth on mouth, eyes on eyes, hands on hands. As he stretched over him, the child's body grew warm. Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho.
35 He got up, paced the room once, then climbed up and stretched over the boy again. The boy sneezed seven times and opened his eyes. Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.
36 Elisha called Gehazi: "Call this Shunammite woman." He called her; she came to him, and he said, "Take your son." Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li. Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”
37 She came, fell at his feet, bowed to the ground, then picked up her son and left. Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.
38 Elisha returned to Gilgal during a famine. As the prophets' sons sat before him, he told his servant, "Put the large pot on; boil stew for the prophets' sons." Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”
39 One went out to the field to gather herbs and found a wild vine. He gathered a lapful of wild gourds from it, came back, and sliced them into the stew pot—no one knew what they were. Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
40 They poured it out for the men to eat, but as they ate the stew they cried out, "Man of our Father, there is death in the pot!" They could not eat it. Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.
41 He said, "Bring flour," threw it in the pot, and said, "Pour it out for the people to eat." Nothing harmful remained in the pot. Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.
42 A man from Baal-shalishah brought the man of our Father firstfruit bread—twenty barley loaves and fresh grain in his sack. Elisha said, "Give it to the people to eat." Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
43 His servant said, "How do I set this before one hundred men?" He said again, "Give it to the people to eat, for our Father says: They will eat and have leftovers." Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
44 He set it before them; they ate and had leftovers, just as our Father said. Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]